azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

2senk – 12 zan lekòl lyrics

Loading...

[verse ]
manman m di m chita pou m aprann m p ap ka konte sou moun
m pa t senlwi ni kanado men m te pase nan youn
e menm plizyè sen nikola m te fè kinder
aprè gradye m kite l nan pòl locha m kòmanse primè
premye dezyèm ane m kite lekòl m kite blòk manman m tap bwote
delma 60 akeyi m kay pastè rene
yon lot lekol kretyen la te ban m kèk prensip
e se la tou m pral konn makenson yon vrè kondisip
bat ban pou m freestyle nan klas la sa ete pasyon m
pwofesè kontan sa yo genyen yo ban m la m jwenn motivasyon m
m pa t gen sousi gwo mwayenn yon 5 te sifi pou mwen
yon premye pitit san papa manman m te prèt a tou pou mwen
m kriye lè m wè ezekyèl nan lari k ap vann krèm
yon jèn ki te fò kite chita sou menm ban avè m
konesans se zam tankou izo m t anvi pran bal
yow sa se istwa m m ap fin rape l se ap istwa n
a 13 an m desann sètifika etap sa m pa t ka tann
m pral antre nan ekwasyon son lòt stil mat ke m pral aprann
rèv yo te gran lavi m yon twal lespwa ap pentire
m te sèten aprè 7 an m t ap antre nan fakilte
7èm m bak nn pòl locha problèm lajan fè m pat rete
8èm mwen pa t vle chita m oblije antre nan lise
horatius pral fè m konn lè nèg ap pase mati
si m anreta pou 2 minit poum antre m pase anba ravin
m gentan fòme ti baz pa m m lage nan pran roulib
kòmanse sot lekol ta sou bibliyotèk m ap pran roulib
antank elèv lise a te fè m viv sa k manifestasyon
fè m konn bif lekòl ak lekòl m te menm riske pran prizon
segond m aprann koripsyon
7500 goud pou ajiste nòt pou yo pa mete m deyò kolèj pa t yon opsyon
plis ap gen pwoblèm e mwens m ap jwenn solution
la mwen ak lekol divòse mo lise a m pa t vle tande ankò
m vle fè tèt mwen konfyans m vle simonte eprèv yo
m pa t vle pantan nan domi m pa t vle pèdi rèv yo
m te met espwa m sou rap m te di manman m voye doune
m pran presyson m retounen pou m te fè plezi a kèk moun
m rele jean fritz m dil ann retounen lekòl
de tout fason sou katye a m pa t ap fè plis ke bwè alkòl
li di m ernst pa gen problèm depi m prale l prale tou
n al enskri imdek nou pat gen kòb premye vèsman tou
menm vye tenis mwen tap drive a mennen m fè la rout
m fè rout a pye m al san manje m fin abitye ak grangou
mwa ap pase m poko ka peye deyò m te inevitab
mande dirèk poul pasyan l dim la pa on lopital
m t ap poze tèt mwen kesyon e miland kisa m pral ofri l
rap te la vre men tout lide m se al brase anba lavil
m kite sa pou tout sak pral jije m sou jan m mache
men ki pa janm gen pye nan soulye m



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...