
d-fi powèt revòlte - road to castro lyrics
[verse]
tout sa k vini dwe ale, anyen pa etènèl
pran tan ou pou kontanple vi a, pa redui l a entènèt
nou pataje vrè emosyon, gen lenpresyon m t ap rap sou brikè ou
e kòm zetwal la ap etenn, ou menm limen flach brikè ou
se pou mwen avan tou men konbyen lòt ki t ap fè pwofi
mesaj pou sa k ap vini yo, ou ka konstui karyè ou san fè gwo feat
m toujou mache solo, menm si gen kèk frè k tap pote m
akwoche m ak rasin mwen ki fè van tanpèt pa t ka bwote m
pyano an tris, se reflè nanm mwen
m pati pou on dènye dans ak rap, vin pran menm
plonje nan pase m, kenzan an aryè
ti revè fè gran rèv, gran rèv fè gran karyè
m pouse nan tè sèk, san on gout dlo pou wouze m san angrè
m pa gen tèt on rookie ankò, kounya anpil ap rele m gran frè
m sispann rap kè brize, m ap pwoteje dènye lanmou m
se pa mwen k pa t vle goute vi a, se vi a k pa t nan gou
ann fè on klasik, filip ajoute on ti vyolon
se kwonik on tinèg ki t ap rape lanmou l ak mo vyolan
on enkonpri, on nanm boulvèse
pou apeze m konbyen rim, konbyen lank ki pou vèse
remèd pa nan dwòg
se pa met tout bag+y nan lòd pou jwenn lapè men jwenn lapè tout bag+y ap rantre nan lòd
tout sa k vini dwe ale, tout sa k monte dwe desann
men n ka ret imòtèl, randevou 24 desanm
Random Lyrics
- the northway - wow, that was a long facebook post lyrics
- manzanera & mackay - men with extraordinary ways lyrics
- eden maze - never lost my faith in you lyrics
- raziel nisroc - mathilda lyrics
- chiloo - vilain lyrics
- banda kitara - uma em casa outra na rua lyrics
- oh dam ryul (오담률) - 개 (dawg) lyrics
- hope music ph - what a day it is lyrics
- locolab - cafon street lyrics
- it's (이츠) (kor) - 선 (line) lyrics