azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

durkheim - sof lanmou m k ap rete (slkr) lyrics

Loading...

durkheim

maten an mwen leve m santi m about
ak tout sa yo ak tout santiman k kout
pou jan mwen santi ti kè mwen menase
mwen wè jan n bèl pa janm dire
love etènèl e manti l ye
à vrai dire mwen santi mwen vle dekouraje

men jodi an m raple m son limyè
lè map gade jan m bèl devon miwa
e tout sa yo fè mwen renmen m pi fò vre

sòf lanmou m k’ap rete
sòf lanmou m k’ap rete, aaa
sòf lanmou m k’ap rete
sòf lanmou m k’ap rete, aaa

souvan dlo koule nan je mwen
pou jan m bay e jan m goumen
lè m byen gade se mwen k tap fòse
wi souvan m te toujou ap bougonnen
mwen te mal e m tap di m byen
lè m byen gade se mwen k te sousye

wi m konn renmen
paske m renmen tèt mwen avan pou m renmen w
se pou tèt sa m toujou ap bay san konnen
si lanmou wi si l ap tounen, si l ap tounen
wi m konn renmen
paske m renmen tèt mwen avan pou m renmen w
se pou tèt sa m toujou ap bay san konnen
si lanmou wi si l ap tounen, si l ap tounen

mwen te sispann pè pèdi w
e konprann ke mwen son grande perte tou
konn valè m ase ap fè m wè m vo plis
e pa konfonn sak pa bon ak gou, ouuu

non, mwen pa koupab
menmsi m ap soufri, mwen pa dwe janm di e kwè
ke mwen p ap kapab rive lwen san li
se vre m ap pè pou m pa reviv tout sa k te ka fè mwen
santi mwen tris ak met dlo nan je m trop près
e si tout sa yo ka rann mwen pi fò

ooooo, ooooo…

wi mwen kwè nan mwen (wi mwen kwè!)
m p ap sispann renmen (wi mwen kwè!)
m ap renmen m pi plis chak jou
lè l pi fè nwa se lè sa l pral jou
wi mwen kwè nan mwen (wi mwen kwè!)
m p ap sispann renmen (wi mwen kwè!)
m ap renmen m pi plis chak jou
lè l pi fè nwa se lè sa l pral jou
men jodi an m raple m son limyè
lè m ap gade jan m bèl devon miwa
e tout sa yo fè mwen renmen m pi fò vre

sòf lanmou m k’ap rete (sòf lanmou)
sòf lanmou m k’ap rete (sòf lanmou), aaa
sòf lanmou m k’ap rete (sòf lanmou)
sòf lanmou m k’ap rete (sòf lanmou), aaa



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...