
fantom bc - janw fè'm santi'm lyrics
ou fè m santi yon pikotman
santi yon jwa yon kè kontan
ou fè mwen santi mwen vivan
ou fè nan mwen yon dal chanjman
ou fè m santi m g’on rekonfò
lè m avè w, ou fè kè m bat fò
m ap renmen w menm aprè lanmò
ou fè m santi m yon lot jan
ou fè m santi m rich pye atè
ou fè m gen kontwòl tout latè
se mwen k pou di w jan w fè m santi m
m santi m rich san m pa g’on santim
dlo verite m, mwen vle w manti m
nan men w, mwen vle remèt lavi m
si tout mwen ta yon plim, ou mèt kwè se ou k ap lank
e toutfwa m ta nan mawon, pou m kache, se ou k t ap plank
toutfwa m ta yon batiman, pou kanpe m, se ou k ap lank
e si m ta lajan pou sere, cheri, se ou kap la bank
toutfwa m ta vin douvanjou, ou mèt lawouze m
e toutfwa mwen ta pousyè, ou dwe dlo k pou wouze
toutfwa m ta yon sigarèt, rale m, ou pouse
garanti w, jamè m p ap fè w touse
ou fè m santi m moun jeremi paske ou se gwo bòl tonmtonm mwen
pou moun lewogàn, ou sе kone kata tanbou mwen
wi, m se nèg okap е se ou ki jalouzi an mwen
etan k ayisyen ou se madanm mwen, anmiyanm mwen (oh)
ou fè m santi m diferan
nan kèm ou fè dife pran
pyès nèg p ap k fè frekan
kounyeya men mwen, yo ta pran
se mwen ki pou ta di w jan w fè m santi mwen
nan kè w mwen vle rete pou m k santi m mwen
se mwen k pou di w jan w fè m santi m
m santi m rich san m pa g’on santim
dlo verite m, mwen vle w manti m
nan men w, mwen vle remèt lavi m
ou fè m santi mwen fò, paske ou chase tout feblès mwen
ou renmen m, mwen renmen w, mwen vle ou vin metrès mwen
ou trete mwen tankou wa, m ganranti w m ap fè w vin rèn mwen
kit nan byen, kit nan mal, mwen vle w kanpe avèk mwen
malgre mwen ba w pwoblèm, ou pa kou+kouri kite mwen
ou di m ou p ap janm ban m vag, ni ou p ap mouri kite m
ou pa kyè de sa yo di, ou kwè m se mezi pye w
lanmou sa fè m santi m byen, ou ban m li san mezire
m pa vle w santi m
avè w, m santi m
chase annwi, (oh, oh)
m pa vle w santi m
avè w, m santi m
chase annwi
se mwen k pou di w jan w fè m santi m (jan w fè m santi m)
m santi m rich san m pa g’on santim (santi m rich san m pa g’on santim)
dlo verite m, mwen vle w manti m (mwen vle w manti m)
nan men w, mwen vle remèt lavi m (mwen vle remèt lavi m)
eh+eh+eh
yeah+yeah+yeah
ouh+ouh+ouh
Random Lyrics
- mark owen - alone without you (acoustic) lyrics
- the native howl - devil i've become lyrics
- puppy's bald spot - инспектор (inspector) lyrics
- mlody shati - musze być bogaty - remix lyrics
- matías roden - close your eyes lyrics
- tropico band - šta ću tebi ja lyrics
- prcld - in abundance [album ver] lyrics
- rihanna - we found love vs. friday night (retrovision & jeonghyeon mashup) lyrics
- ismo - beetje chance lyrics
- homie churn & autoph - habits lyrics