azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

malcolm ayiti - hustler lyrics

Loading...

huummm, huumm hummm !
yow… yow tensai, banm … banm on ti volim nan kas la man
banm on… banm on kick… banm on
ye, jere mikwo a pou mwen tou bro
yeah. ok !

banm on kick, on bas pou reveye gwo bèt k anndan m nan
m ap fòje m plis chak jou, nou mèt priye si n pa nan klan m nan
pran sa pou on atak, mwen m pa p fè patipri
e paske n masakre kilti a k fè tout nou menm pa p sifi
kote n bloke a se mwen nan pwosesis kreyasyon an
m vini m sonnen klòch la, m fini rekreyasyon an
m rap a tèt. wack, nou sonnen chansonèt
m se malcolm, bosal hustler
n fenk bezw on tansyomèt

toujou g on bagay pou m rakonte, se paske m toujou ap toufe
on bagay pou m ap rakle, se memwa sa k ap rete
imòtalize m nan kèk mezi sa se paradòks lavi m
maji m se fè w soukе tèt ou, san w pa t mande m avi m

avan m te “spit” m t ap tande, m t ap aprann, m t ap mandе
bpc, dba banm baz pou m monte tou danble
jodi a m stil ap tande, men pa oze vini mande m
“emcee” kounya fè m bouche nen m avan m bouche tande m
sa s on “freestyle” men pa fè n ilizyon, m pran pozisyon an
ego a paka trip lè rap alyene, lè trip ap kòde
lè dekò “street” la blèm, lè lanmò vin pi prè n, fènwa k plis vin wè n
“f+ck”, sa s on kriz sistèm

m “underground”, men m popilè sitou se paske m pot kòz mas la
m pa p kache dèyè mas la
m vin jwenn nou anfas, pou m fè nou kite plas la
fò n retounen nan baz la
sou nòt sa, m pral kòmanse chas la

sa pa on son se jis on fraka
“vibe” lan “nice” men l poko twaka
sa m ap fè a k konnen m, mwen m pa gen pretansyon m konn rap
sa pa on don se jis on devwa
pou rap ret rap f on kite sa
m pa bezwen nou bezwen m, menm a san mil mèt m konn wack
mwen m pa ni wa, m pa ni papa
m se sila ki kenbe rach la
swa w “real”, swa w silans oubyen w temèt banm twa pa
liriks nou fad, yo maladwa, plas nou se labatwa
m jwenn “street credibility” chak fwa m fè n sa m ap fè track sa

pou m klè m s on “rookie” k ap titilè nan all stars game
ni hmi, ni “sh+t states”, m vize hall of fame
m pasyan, m ap aprann, se sajès sa k ap fè m ikón
m gen memwa hip+hop “like” brandon stark nan game of thrones
atifis y ap pase, m pito rap sa k pase m
sakrifis yo sakre, m stil ap “drop”, m ap chèche m
m pa prese, m konnen jou an ap vini pou kont li
nou tout sanble, nòmal pou m s on éternel incompris
m pa p fè n ilizyon, nan kondisyon m s on malere
rap, “knowledge” ak syans ki pral banm tout sa m vle ye
lwen deba pi konn ekri a, m ap tande nou k n on fènwa
nou raz. se nou k banm rezon pou m fàn mc baba

rap se referans, k+n+l pou eksprime tout lavi n
s on pozisyon klas ki vini sou fòm rit ak pwezi
se teknik, se street
se elegans, se sk!llz
“peace, love, having fun and unity” se still

donk, lè n di m se rap nou fè pi byen, m wè, m tande rap nou m temwen
e m ka di n si se konsa, nou pa konn fè anyen
m ka konprann nou pa p konprann, nou pa nan menm alegori
“formule 1” pa gen kalmason, nou pa nan menm kategori
sèvo nou perime, nou tout sou anpriz yon ejemoni
ti enterè n prime, kidonk nou pa p nan menm seremoni

pa lapèn pou n pran rakousi n pa abitye fè menm pakou
si n wè n devan m konnen se paske anplis nou m gen plis ke 3 tou
n ap suiv kouran, m sezi wè n k ap panse n fè pwa tou
padon pou n konprann ba sa yo n riske pran plis ke 3 jou donk
banm on kick, on bas pou reveye gwo bèt k anndan m nan
m ap fòje m plis chak jou, nou mèt priye si n pa nan klan m nan
pran sa pou on atak, mwen m pa p fè patipri
e paske n masakre kilti a k fè tout nou menm pa p sifi
kote n bloke a se mwen nan pwosesis kreyasyon an
m vini m sonnen klòch la, m fini rekreyasyon an
m rap a tèt. wack, nou sonnen chansonèt
m se malcolm, bosal hustler
n fenk bezw on tansyomèt

m se malcolm, bosal hustler
n fenk bezw on tansyomèt



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...