malcolm ayiti - pikankwenna lyrics
m vin pale w de rèv, espwa
koz nanpwen eksplwa san istwa
pale w de eprèv, fènwa ak moman k met gou nan viktwa
m vin pale w de fado, yon kote yo pa p fè w kado
wete w nan fiksyon an, se baf lavi a k ap di w kisa w vo
se nan kriz yo w aprann plis, e sa l pa paradoksal
sa k fè w souri ka fè w tris tou, gen bo k fè mal ke bal
asime chwa w fè pou pakou w, yo ka kite w men w pa p poukò w
asire w w ap jwe tout atou w, si yo panike w sa fèt pou l fè w
tout kondisyon yo etabli, se pa nou k ta dwe reyisi
n souri ak traka n se paske sa sifi n lè nou reyini
pa plenyen sou sa nou konnen, batay pou n chanje l demen
rete konstan men vijilan, sa k ap trayi w la l pa sot lwen
toujou gеn pyèj mezire pye w, w ap wè yo lè w fin f on chwa
gеn obligasyon, swa w vanse, swa w “dead”, viv se konsa
gen sakrifis sou wout viktwa
gen mache sou pikankwenna
gen sa ki plis g on kout pikwa, se trayizon k sot nan tiwa w
ant sa n swete ak sa k ap rive a, gen volonte n
mache sou kritik yo tout gen limit, men m vle n tande
viv pou nou, koz nan traka n yo pa p ba n kowòm
aprann n ap kite lekòl lavi ak yon « acte de décès » kòm diplòm
nou se pèleren n ap travèse, menmsi n anpil nou tout poukò n
advèsite yo k ap gide n, move lavi ki bann kouwòn
ant desepsyon ak espwa, listwa lavi n ap mal debat
defi a se ret dwat malgre pikan, kot lòt fè madebat
pa kouri dèyè rekòt si w pa t simen
isit pa gen sèl kat chimen
mwen m konn on wa ki pèdi diyite l pou yon vye pachemen
yow, ou ka lib « true »
isit nou mete may nou fè pwòp chèn nou
donk, wa konprann ou « die » nan swasantèn yo di w yow mouri jèn « true »
m ekri lavi m, m pa bay pyès moun ba l tèm
m pa janm sibaltèn
« love » se sèl relijyon, rezon k fè mwen m priye nan kè m
yow, ou konn sa sa vle di w ap viv n on teritwa ki vyèj, yo di w kreve
èske w konprann lè demon w yo ap di w vivan w gen dwa pou w reve
yow di m kiyes ki pa peche, m ap di w kiyès pou w al preche
pèleren pa t janm pè dezè
ti mòy pa t janm twò parese
egzanp lan senp, se ou k mèt tèt ou
bèf pa fè foli pou kòn
donk, w ap fin byen manje ak moun, apre m al nan kaka poukò w
mwen m grandi senp, m toujou n on deba ak konplikasyon
mwen lè m ap chèche m nan nou m stil ap chèche « check f+cking » pèfeksyon
se jis pou m di w s on « f+cking » spèm an poud latè ap chèche n on bal
latè gen prensip pa l depi w twò lou pou li w ap pase anba l
nou se pèleren n ap travèse, menmsi n anpil nou tout poukò n
advèsite yo k ap gide n, move lavi ki bann kouwòn
ant desepsyon ak espwa, listwa lavi n ap mal debat
defi a se ret dwat malgre pikan, kot lòt fè madebat
se nan kriz yo w aprann plis, e sa l pa paradoksal
sa k fè w souri ka fè w tris tou, gen bo k fè mal ke bal
asime chwa w fè pou pakou w, yo ka kite w men w pa p poukò w
asire w w ap jwe tout atou w, si yo panike w sa fèt pou l fè w
mwen m grandi senp, m toujou n on deba ak konplikasyon
mwen lè m ap chèche m nan nou m stil ap chèche « check f+cking » pèfeksyon
se jis pou m di w s on « f+cking » spèm an poud latè ap chèche n on bal
latè gen prensip pa l depi w twò lou pou li w ap pase anba l
nou se pèleren n ap travèse, menmsi n anpil nou tout poukò n
advèsite yo k ap gide n, move lavi ki bann kouwòn
ant desepsyon ak espwa, listwa lavi n ap mal debat
defi a se ret dwat malgre pikan, kot lòt fè madebat
Random Lyrics
- vanny goodfella - been your stalker since day one lyrics
- zackya san - cheap perfume (feat. yusoph & qmieyyy) lyrics
- vaunt - love how you do it lyrics
- your best friend jippy & tha god fahim - solar lottery lyrics
- deleitacion - easyriders lyrics
- dedboii kez - like me lyrics
- fetty p franklin - pill poppin gucci lyrics
- 21 savage - ha lyrics
- deleitacion - paseo de gracia lyrics
- white monkey nova - cero notis lyrics