
medjy - awoyo lyrics
[intro : medjy]
(griyen dan)
oh, oh
gad kijan on moun alèz mesye
bon sak gen la pou kè w gentan tout kontan sa
tèt chaje
(griyen dan)
[refrain : medjy]
m awoyo
voye cheche lajwa
lapè di yo m bezwen yo
m awoyo
mwen mete de bèl chanm
sou do kay la pou yo
m awoyo
mwen met ògèy ak ego sou bèl anbago
m awoyo
di yo m chanje lavi mwen
kite m anrepo
[verse 1 : medjy]
padone mwen si w pa tande m
mwen te fè twòp tan ap viv
yon vi kip a vle m
pwoblèm mwen yo fè m neglije w
doulè mwen yo te twò wo
pou mwen explike ou
sorry
se pa valè m pa konprann valè w
men pou mwen ka byen
m oblije travay sou mwеn
lanmou
daprè sa mwen byen konprann
se pi bèl bagay nou gеnyen nan nou
men trè souvan l kache
dèyè mal ki la yo tou
sa fèl difisil
pou kè yon moun nan priyorite w
lè pò w la pa la
[refrain : medjy]
m awoyo
voye cheche lajwa
lapè di yo m bezwen yo
m awoyo
mwen mete de bèl chanm
sou do kay la pou yo
m awoyo
mwen met ògèy ak ego sou bèl anbago
m awoyo
di yo m chanje lavi mwen
kite m anrepo
[instrument]
m awoyo
m awoyo
m awoyo
m awoyo
m awoyo
m awoyo
m awoyo
siw pata la siw pata la adje
bondye map respekte chwa ou
moun saw banm la moun saw banm la
sa vre m ape pran swen l pou ou
jou n pata la jou n pata la sa vle
di lanmò fè n on move kou
kounya nou la
ban m pwofite gate w
m awoyo
[verse 2: medjy]
pa menm gen deba
sou kijan w vinn jwenn mwen
en très mauvais état
ou wè nan fon kè m
te gen bon ou tou ret la
malgre m te nan tou ou
kenbe menm mwen men mwen
ou rale mwen monte
nou goumen nou sove pita
ann soti a pitit nou
an nou selebre sa
mwen finn awoyo mèsi pou sa
siw pata la siw pata la adje
cheri
en de twa mil mèsi
e sa pa menm sifi
pou sa ou fè nan vi m
wo cheri
en de twa mil mèsi
e sa pa menm sifi
pou sa ou fè nan vi m
m awoyo
Random Lyrics
- velze - фразы (phrases) lyrics
- ethrate - pompe a une main lyrics
- entity1213 - часы (watch) lyrics
- renn olympus - somebody better lyrics
- santana slimane & delyk desosa - ela quer dar lyrics
- woodi music - sommermodus: an lyrics
- eripe - co cię boli (diss) lyrics
- naskas - nasip lyrics
- samling - osborn lyrics
- 33mello - reste avec nous pour voir le monde brûler lyrics