![azlyrics.biz](https://azlyrics.biz/assets/logo.png)
michael brun - nouvo jenerasyon lyrics
[verse 1]
nou bezwen limyè pou n ka wè pi klè
pou nou ka vanse woy
nou pa wè limyè
pou tout sa n fè, yo ka pa ka mache
[pre-chorus]
men fò nou sispann gasipye
travay pou n avanse
nou g on peyi pou nou sove
li lè li tan pou nou leve, leve
[chorus]
jenerasyon sa a move
wi nou move
ansanm n ap vanse
anyen pa fè nou pè
jenerasyon sa a move
wi nou move
ansanm n ap vanse
anyen pa fè nou pè
[post-chorus]
pa panse nou pa konn anyen
pa di n pa fè anyen
pito w al chèche konnen
n ap bayo bayo
pa panse nou pa konn anyen
pa di n pa fè anyen
pito w al chèche konnen
n ap bayo bayo
[verse 2]
yon mesaj pou jenerasyon sa a
m pot limye pou m fè nou wè
yon bèl avni ke m vle ofri nou
m ap montre n imaj pou m fè nou kwè
ou ka pa konnen m, men nou ka sè
ou ka pèdi fòs, men nou pa fèb
lè nou met ansanm kisa nou pap fè
nou s on bèl nasyon
pouki nou pa fyè?
[verse 3]
nou g on pouvwa ke n pa konnen
nou kite nenpòt moun ap dirije n
si n fè yon sèl pou n konstwi peyi sa a
okenn nasyon pap ka divize n
dèfwa n bliye sa n ye
nou bliye règ nou, nou bliye sa n vle
nou bliye istwa, ke n s on pèp ki sakre
leve tèt nou
jenerasyon sa a vle
[chorus]
jenerasyon sa a move
wi nou move
ansanm n ap vanse
anyen pa fè nou pè
jenerasyon sa a move
wi nou move
ansanm n ap vanse
anyen pa fè nou pè
[post-chorus]
pa panse nou pa konn anyen
pa di n pa fè anyen
pito w al chèche konnen
n ap bayo bayo
pa panse nou pa konn anyen
pa di n pa fè anyen
pito w al chèche konnen
[verse 4]
hmm
m pral mete men
konstwi on lòt demen
pou sa k ap vini yo
an n fè sa pi byen
pou sa k kite yo pa gaspiye
[verse 5]
nou vag sou leta
toujou anreta
pou sa fò n travay sou yo
pi gran yo fè plas pou yo (yeah)
nou vle chante, nou vle chante
whoa
[chorus]
jenerasyon sa a move
wi nou move
ansanm n ap vanse
anyen pa fè nou pè
jenerasyon sa a move
wi nou move
ansanm n ap vanse
anyen pa fè nou pè
[post-chorus]
pa panse nou pa konn anyen
pa di n pa fè anyen
pito w al chèche konnen
n ap bayo bayo
pa panse nou pa konn anyen
pa di n pa fè anyen
pito w al chèche konnen
n ap bayo bayo
Random Lyrics
- ac breeze - mistress lyrics
- grupo toppaz - triste y solitario lyrics
- the specials - why? - edit lyrics
- arsonal - mary keisha molly (mka) lyrics
- zetetics - you would never know lyrics
- javo - oniria lyrics
- kream - the statement lyrics
- the paramounts - poison ivy - 1998 remastered version lyrics
- mason family - 110 lyrics
- yxngxan - i got shooters lyrics