azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

règleman afè popilè – pwezisyon lyrics

Loading...

entwo : vava

chak gout swè kò nou
pentire figi lari
vwa n se bwa penso
nou klere souri lavi
kouplè 1: schill

plim nou se chèf pwèl li
pyès mòpyon p ap jouke bwa li
e li p ap pèdi fèy menm lè dezòm ta souke bwa li
nonpli m di l p ap konplis chak rach yo vin koupe rasin
lè lach yo pentad nan rèv li se mawon ki pote medsin
plim nou p ap vag menm lè tan mare l ap flote
li p ap pran kòd menm nan jwèt marèl l ap sote
son nou s on lèt ki chita kò l nan yon laye
ki p ap regrèt pou li kase tèt chak fwa l kaye
lè lank nou ap koule tout bak vid mèt pwoche
zèv nou vin separe pou batay la pwojte
pou nou pa pran nan mera nou pa janm monte a 2 ran
se sa k fè nan konbit nou pa gen fán nou gen aderan

kouplè 2: ann di

lè papye n blese li ekri san li sal leta
li lave dlo nan je remi gout swè ki nan fon tamara
chak lè pla pye n blese li kriye jan n non sal eta
l akòde do li jere mi kouplè ki fè chan travay la
se yon mizik san refren pwezi k koule lè site brake zam
po l black e sa l fè sik koule lè lavi brak e sal
melodi lapli sou do tòl chak gout pousyè k ap chame dlo
karès yon wòch sou vit machin chak fwa sechrès nou chache dlo
li se rèl fi k ap jemi apre patwon sou kabann blo pita l
sou kabann lopital li se rèl vi k ap fleri
nou pa met jounal sou de ran paske n pa fan atik
rap bosal chaje aderan nou pa gen fanatik

refren : vava

melodi n kanpe ak dwèt lonje
nou pap pran tè nou sèmante
vwa n chante e van leve
pousyè nan je gran gozye (2 fwa)

kouplè 3: ardy

apre chak manif, nou pran yon ti siwo
pou n dezanfle gòj nou
tranpe tisiwo
pou n tape manm nou
rale pwezi nou
pwezi nou, se konprès
apre maspinay leta
se kont près
apre move nouvèl lis
se pa kronik yon jounalis
yo peye deja
se pa kronik yon jounalis
yo peye deja
se bout kòd ki mare ren aksyon n
ki klere pozisyon n
nou kanpe drèt, nou pa gen fay
si w twouve pwezi nou twò di
nou pap bal dlo cho fèy papay
nou nou alèji ak gòm
nou pap twoke fon pou fòm
nou siyen kontra lanmò nou
ak po bouch nou
sa se pwezisyon
pwezi-aksyon
se sak fè nou pa gen fan
nou gen aderan

kouplè 3: mozo wedly

sispann gad dwèt nou lè n ap montre zetlwal
mwens konsyan de talan n,plis konsyan de sa n denonse
si yon atis chwazi zèv li pou kle
se chwa l
gen kèk pòt anvan l louvri n ap gentan defonse
nan pataje plim ak tout powèt ki revòlte nou jwe rap ak revè
menm lè defi n se fè pòtrè zwazo n san èd jak prevè
kouman,pou n desinen lajounen,pentire lanjelis
san reprezante ti machann,peyizan ak ouvriye
kouman, pou n pale ak kazimi pandan n ap pale ak madan jelis
san entansyon ouvrije l
ekriti n s on jès, yon diskou, yon zak politik
sa pa yon senp vès, s on kò nan yon kazak powetik
n oblije ret aktif pou imajinasyon n aktive
rap bosal pale de kaptif pandan maji son l ap kaptive
sa ki klè
pwezi ak konviksyon, pa gen fan nou gen aderan

refren: vava

melodi n kanpe ak dwèt lonje
nou pap pran tè nou sèmante
vwa n chante e van leve
pousyè nan je gran gozye (2 fwa)

outro: vava ak clyd

chak gout swè kò nou
pentire figi lari
vwa n se bwa penso
nou klere souri lavi

gita: wood-macken
tanbou: maestro kenken
pyano: victor woudji
b-ss: clyde duverné
koral: vava
prod by : aza/ a5 records
règleman afè popilè/ out 2016



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...