
tafa mi-soleil - mwen vle w lyrics
[ kouplè 1 ]
nan jaden kè m ou se pi bèl flè k pouse
wi ou se dyaman mwen zantray mwen
mil pwezi ni mil chante p ap rive
di w kisa ou reprezante pou mwen
mwen san ou s on gita k pa akòde
ou louvri yon paj bonè nan vi mwen
pou ou m prè pou brize tout miray
e ak ou mwen vle lavi mwen akòde
nan jaden kè m ou se pi bèl flè k pouse
wi ou se dyaman mwen zantray mwen
mil pwezi ni mil chante p ap rive
di w kisa ou reprezante pou mwen
mwen san ou s on gita k pa akòde
ou louvri yon paj bonè nan vi mwen
pou ou m prè pou brize tout miray
e ak ou mwen vle lavi mwen akòde
[ refren ]
mwen vle ou
m renmen ou
ou se vi mwen
e ou se kè mwen
mwen vle ou
[ kouplè 2 ]
si dlo nan je m nan bra w mwen jwenn yon souri
wi w se zetwal nan syèl mwen lè li fènwa
sou wout lavi ak ou m pa pè mache
lanmou ou kalme m lè m t a vle debòde
mèsi pou men m ou kenbe lè mwen febli
ak ou mwen wè lavi bèl e mwen kab souri
m di pou ou m prè pou brize tout miray
e ak ou mwen vle lavi mwen akòde
[ refren ]
mwen vle ou
m renmen ou
ou se vi mwen
e ou se kè mwen
mwen vle ou
mwen vle ou
m renmen ou
ou se vi mwen
e ou se kè mwen
mwen vle ou
mwen vle w
m renmen w
[ koral + fen ]
mwen vle w mwen vle w mwen vle w mwen vle w mwe vle w mwen vle ou
mwen vle w
mwen vle w
Random Lyrics
- pussy tourette - bridgette lyrics
- metal carter & cole - outro lyrics
- infinityghxst - pretty girl lyrics
- je t’aime - bad things lyrics
- big thief - sparrow lyrics
- onuka - 23:42 lyrics
- jo1 - dreaming night lyrics
- companhia do calypso - i don't need your love lyrics
- lungskull - ya lyrics
- sapphire (uk singer) - liar (acoustic) lyrics