azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

troubleboy hitmaker - mwen la lyrics

Loading...

nèg yo fè konplo sou do mwen
eseye vann mwen, men yo pa janm ka pran mwen
fè liminasyon sou non mwen
sòti sou non mwen, chèche’m yo paka jwenn mwen

malgre sa’k di (mwen la)
malgre sa’k fèt (mwen la)
al di mechan yo (mwen la pi rèd)
di yo: m la, mwen la, mwen la (mwen la)
al di toutè yo (mwen la)
di move plan yo (mwen la toujou)
di yo: m la, mwen la, mwen la (yeah)

li fè minui, m’paka dòmi (no)
sektè la okipe konvre anvayi (woo)
m’ pakonn si pou m priye anwo, jete dlo rele anba
pagen kanaval kout tanbou se klatap kata
bref sa’m fè? m’ pa wè moun yo
m’ pa konn kreyati yo, m’ pa annafè avèk yo
y’ap plede takinen’m
y’ap pèsekite mwen
zòt ka eseye detwi’m la, mache blo’m la
plede pale mal sou mwen, m’ toujou konn sa
m’ te bann tan reflechi pou nou aprann
kòz bag+y yo gen revè ladan kounya tann paw
mesye dam lè’m di’n sa, fò’n poze
la vi a pa bay chans 2 fwa poze
tout sa k anlè yon jou va poze
(mmh mmh) f+ck them
nèg yo fè konplo sou do mwen
eseye vann mwen, men yo pa janm ka pran mwen
fè liminasyon sou non mwen
sòti sou non mwen, chèche’m yo paka jwenn mwen

malgre sa’k di (mwen la)
malgre sa’k fèt (mwen la)
al di mechan yo (mwen la pi rèd)
di yo: m la, mwen la, mwen la (mwen la)
al di toutè yo (mwen la)
di move plan yo (mwen la toujou)
di yo: m la, mwen la, mwen la

konplo pi fò pase w+nga
kòman’n fè konen? yo pa’t nan menm lekòl
fouk panta pi gro pase tanga
tou 2 se kilòt men diferan modèl
menm jan tout dj gen denon yo, true
konsa tout anj gen demon yo tou
pa janm fe pwomès m paka kenbe
peze’m sou kabann, genlè on baka kenbe’m
djab vle manje’m, gangster menase’m
granni rele’m pou’l mandem kisa’m fè
konsyans mwen an pè, so yo paka kenbe’m
gentan fache, m’ gentan fè pil kòlè
yo di’m yo wè zonbi’m sou tèt mòn pikolè
lè’w bezwen yon bag+y fò’w leve pi bonè
yon sèl sen m’ konnen ki genyen sou latè beni
nan lestomak fanm yo rele’l 2 tete
bondje pap banm chay m’ paka pote
menm le monde entier ta vle deteste m
se dènye fwa sa rive’m, m’aprann vit
istwa sa jamè m’ pa vle’l repete
dantò di’m m pa antò, zafè si’w pa dakò
nenpòt jan sa ye non’m dwe respekte
malgre sa’k di (mwen la)
malgre sa’k fèt (mwen la)
al di mechan yo (mwen la pi rèd)
di yo: m la, mwen la, mwen la (mwen la)
al di toutè yo (mwen la)
di move plan yo (mwen la toujou)



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...