azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

vayb - ouvè pòt la lyrics

Loading...

si kè mwen te ka pale
mwen ta di w sa m resanti pou ou
tout sa mwen anvi di w
pawòl paka eksprime
si lanmou te lapriyè
ta priye bondye jouk nan lanfè
pou li ka fè w konpran
jan ou konte pou mwen

men jodia mwen devan w
avèk tout sa m ye sa m posede
tout sa m vle di w mwen vle viv
avè w pou letènite

si kè m te konn fè mizik
li ta vinn soufle nan zorèy ou
tout bèl ti melodi ke vwa mwen paka chante
si rèv te reyalite mwen tap menenw yon ti kote
ki gen bèl sous dlo k ap koule
yon paradi mwen imajine
kot lanmou pap effasе

men jodia mwen devan w
avèk tout sa m yе sa m posede
tout sa m vle di w mwen vle viv
avè w pou letènite
oh babe
ouve pot la pou mwen

ouve pot la pou mwen
ouve pot la pou mwen
nan kew mwen vle rantre
cheri ouve banm pase
ouve pot la pou mwen
ouve pot la pou mwen
nan kew mwen vle rantre
cheri ouve banm pase

menm si m pa gen lò ak dyaman
m ap toujou fè ti kè w kontan
renmen w pou tout tan
lanmou nou an, se sa k pi impotan
mwen prè pou ba ou sa m posede
ba ou tout lavi m tout antye
devan lèzòm, devan bondye
se ou mwen vle, baby

ouvè pot la pou mwen
ouvè pot la pou mwen
nan kew mwen vle rantre
cheri ouve banm pase
ouve pot la pou mwen
ouve pot la pou mwen
nan kew mwen vle rantre
cheri kite m pase
menm si m pa gen lò ak dyaman
m ap toujou fè ti kè w kontan
renmen w pou tout tan
lanmou nou an, se sa k pi impotan
mwen prè pou ba ou sa m posede
ba ou tout lavi m tout antye
devan lèzòm, devan bondye
se ou mwen vle, baby



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...