![azlyrics.biz](https://azlyrics.biz/assets/logo.png)
wendyyy - asanm lyrics
it’s magic baby
n ap ansanm nan tristès n ap ansanm nan jwa
e pe enpòt desizyon an n ap ansanm nan chwa a
n ap ansanm en esprit en coeur et en foi
nou pap ansanm ni de ni twa n ap ansanm on fwa
kè nou ap chache riches menm si n ansanm kou pòv
nou pap ansanm pa enterè men n ap ansanm pou love
n ap ansanm pou mwen n ap ansanm pou ou
nou pap ansanm pou fè moun plezi n ap ansanm pou nou
n ap enseparab, n ap ansanm tankou n te mare
menm si n pa prete sèman n ap ansanm tankou n te marye
menm lè de pòch nou a vid n ap ansanm tankou n te pare
n ap ansanm a lenfini, pito n mouri tan pou n ta varye
n ap ansanm nan vye e nan bon moman
ansanm n ap make listwa bae n ap kreye on gwo roman
n ap ret sou do sou pou tout obstak n ap preparе
e n ap ansanm pou n ri tout sa k vle separe nou
palе pale, n ap kite yo pale
pale pale, n ap kite yo pale
s on bann ipokrit pale dèyè do n
se rezon y ap bann pou n ret ansanm
yo di m pa sanble ou, m pa merite ou
tout se rezon y ap bann pou n ret ansanm
ansanm avè w m prè pou m fè yo wont
yo konplo pou separe nou yo mèt anpil yo pap janm kont
ansanm avè w m pral fè yo je dou
tout sa k te cho pral ret tou dou ansanm nou pral fè yo jalou
yo prè yo prè pou yo dejwe n
yo prè yo prè pou yo pyeje n
yo prè pou voye dwèt nan je n
men jamè yo pap janm arive separe n
cheri, avè w m byen plase avni m byen trase
m jwenn afeksyon e sou kabann pye kase
senti a byen bwase, mwen avè w gen ase
y ap swete n separe e nan je yo n ap byen pase
mwen prè pou m fè tout sakrifis pou ou
pou relasyon n mache
yo mèt di sa yo vle men m se pou ou, ou ou…
pale pale, n ap kite yo pale
pale pale, n ap kite yo pale
s on bann ipokrit pale dèyè do n
se rezon y ap bann pou n ret ansanm
yo di m pa sanble ou, m pa merite ou
tout se rezon y ap bann pou n ret ansanm
Random Lyrics
- aidan cross - i'm not as good as you think i am lyrics
- kyrstahh - i just wanna play these fucking games lyrics
- oasis - live forever (mix 1) lyrics
- ruurd woltring - crimson bow and arrow (nederlandse versie) lyrics
- value select - everybody needs to die lyrics
- rastapimba - cona abençoada lyrics
- gerald potts - inside out lyrics
- juicynise - natural y operada lyrics
- bella blaq - all that love lyrics
- crimson red - memory lyrics