azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

wendyyy - fèl konfyans lyrics

Loading...

menm si w wè nan lavi w pa chanse
menm si w wè tout sa w fè w pa vanse
menm si pwoblèm vle fè w panse a kòd la
rete konfyan e just panse a god la
li gen on plan pou ou
menm si w wè tout moun kont ou l ap toujou pran pou ou
e pa janm give up menm si lavi gon w dan pou ou
leve tèt ou rele l l ap toujou gen tan pou ou
just kontante w a sa w genyen frè m, kontante w de viv
lè w pa ka mennen frè m kontante w de swiv
kontante w de pe, kontante w de ou
lè w pa ka posede lò frè m kontante w de kwiv
e pa fòse lavi frè m pran l nenpòt jan l vini
avni w gentan trase, pran l nenpòt jan l fini
menm si w wè yo imilye w tout moun ap voye je sou ou
pa bliye g on moun ki la k ap voye je sou ou, fè l konfyans

menm si pwoblèm fè w anvi kriye
menm si de lè w anvi bliye
gen on jan k va pou ou pou w briye
just met jenou w atè pou w priye

fè l konfyans
fè l konfyans
fè l konfyans
just fè l konfyans
menm si w ta wè nwa sikonstans fè w mande pann
met konfyans ou nan li paske w avni w an depann
menm si pa gen espwa pou sa w bezwen an tante prann
konfye l tout sa w ap fè e tout sa w ap antreprann
fè l konfyans tout kote, fè l konfyans nan tout sans
fè l konfyans lè w serye, fè l konfyans nan tout rans

se li k pou ba w soulajman lè w santi w nan soufrans
e si li k ap travay lè w panse se kou chans
li ba w mwayen pou w viv e gen sa ki pa gen yon goud
chak jou ou bwè dlo e gen sa ki pa jwenn yon gout
li ka fè w ka manje on pen e gen sa ki pa jwenn yon bout
met konfyans ou nan li e pa g on jou w ap jwenn you dout
lè l ba ou l pa mezire, li ba ou nèt li pa prete w
lè satan vle kondane w, sèl li menm ki ka prete w
e menm lè w wè w echwe pa febli re eseye
toujou ret konfyan menm lè w wè w dezespere, fè l konfyans

menm si pwoblèm fè w anvi kriye
menm si de lè w anvi bliye
gen on jan k va pou ou pou w briye
just met jenou w atè pou w priye

fè l konfyans
fè l konfyans
fè l konfyans
just fè l konfyans



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...