azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

wendyyy - k'ay blan lyrics

Loading...

se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan
se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan
se lè pou m lakay, m’ap manje pwason
lè pou m a bag mwen, m’ap koule bwason
se lè pou m nan mitan janm, yon bèl marabou
pou m ap moutrel sa yo rele gason
se pa lè pou n kay blan
an’n ale, an’n ale, se pa lè poun kay blan
se lè poun antre poun rekonstwi lakay
se pa lè pou n kay blan

an’n ale nan plaj yo
an’n ale nan mòn yo
an’n akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo
an’n ale nan plaj yo
an’n ale nan mòn yo
an’n akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

yow, m gen nostalji, m santi m anbete
se lè pou m an jwa pou m santi m nan gete
lè pou m antre, pou m santi m lakay
pou m santi m au soleil, pou m santi m an ete
m gentan planifye, m gentan fè bidjè
tout bag+y kalkile, m gentan konn pri biyè
fò m al mete men lakay
pou yo rekonstwi, nenpòt jan
fòm ale pou m al kontribiye
se pa lè pou m isi
m kòmanse krake
lè pou m lage banm kòmanse tate
alo patron! m bezwen konje
pou m kòmanse shopping, pou m kòmanse pakè
se lè pou m ale, pou m al manje pistach griye
kasav a l’eau, pou m al manje diri
pou m al manje lalo, pou m al manje pate kóde
mange griyo, pou m al manje lokal
pou m al manje bio, an’n ale, an’n ale
m konn chagren an, nou lib, bouke sou pi mal
an’n bal sak gen nan nou, an’n bal tout nou menm
nou dwel sa n gen nan nou
li bezwen m, li bezwen w, li bezwen chak grenn nan nou
li posib an nou fèl
pandan kòl fèmen, an’n met men an’n ouvèl
nou bezwen lanmou, nou bezwen inyon
nou bouke tande dram, nou bezwen bon nouvèl
l’union fait la force, nou bezwen montre
ouvè avyon an, nou bezwen monte
nou fatige, mesye dirijan pran responsablite w
nou bezwen antre
se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan
se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan
se lè pou m lakay, m’ap manje pwason
lè pou m a bag mwen, m’ap koule bwason
se lè pou m nan mitan janm, yon bèl marabou
pou m ap moutrel sa yo rele gason
se pa lè pou n kay blan
an’n ale, an’n ale, se pa lè poun kay blan
se lè poun antre poun rekonstwi lakay
se pa lè pou n kay blan

an’n ale nan plaj yo
an’n ale nan mòn yo
an’n akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo
an’n ale nan plaj yo
an’n ale nan mòn yo
an’n akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

ayiti gen 1327 km de côtes, 34 ti il
nou gen solèy, nou gen tè, nou gen van
nou gen lanmè e tout ka itil
nou se sèl peyi sou planèt la ki ka fè mango fransik
nou nan achipèl dè zanti
nou chita nan gueule golf du mexique
anh, santi bon koute chè e se an ayiti ki gen pi gwo vetivè
kleren ou an pi bon ke vodka, ou pa kwèm? al goute yon ti vè
nou s on bann afriken ki gen foli li nan koran
n ap pèdi tan pandan k+n+l di van ka bay, tout karayib la kouran
se nou k gen manje bio
pi bon tè, pi bon kafe, pi bon kakawo
pi bon legim, pi bon diri, pi bon lalo, pi gwo lakou
pi gwo tanbou pou n kata wo
epi lwi chadonyè
gen pi bon rezen sou latè
sa vle di nou ka fè bon diven
divès kalite pwodwi
tankou lwil maskreti k ka ede ayisyen sispann penpennen
se nou ki bay libète te, te
se nou menm ki enspire fyète te, te
nou gran, nou bèl, nou se bote te, te
piman ou an pi bon pase tout kote te, te
sou richès nou pou nou kote te, te
lanmou avèk fratènite te, te
dyaspora se pa lè pou n nan te, te, te, te, te, te
se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan
se pa lè pou n kay blan, se pa lè pou n kay blan
se lè pou m lakay, m’ap manje pwason
lè pou m a bag mwen, m’ap koule bwason
se lè pou m nan mitan janm, yon bèl marabou
pou m ap moutrel sa yo rele gason
se pa lè pou n kay blan
an’n ale, an’n ale, se pa lè poun kay blan
se lè poun antre poun rekonstwi lakay
se pa lè pou n kay blan

an’n ale nan plaj yo
an’n ale nan mòn yo
an’n akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo
an’n ale nan plaj yo
an’n ale nan mòn yo
an’n akonpanye peyizan yo
pou nou pwoteje richès yo

mwen manje gèp sou fè twonpèt
tizon dife a pi cho
le pauvre est celui qui ignore sa richesse
bilolo congo



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...