
zenglen - bernard lyrics
[verse 1]
banm bwè ti dlo pou sezisman
pou sa pa fin tuye mwen
(mwen choke
mwen trè dezapwente)
madanm marye m’ k’ale travay
bliye telefon li lakay
(bag+y sa vle mete dlo nan je m)
[verse 2]
oh! gen you bènadin (hmm), ki rele 7 fwa
mwen pa dekwoche, mwen pa reponn
li pran voye tèks (hmm), mwen di fo m’ gade
mwen ale tonbe sou you mesaj ki bay tèt fè mal
eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
chaje ak kesyon ki bezwen repons
eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
mwen pap akuze, men kè m’ pa poze
[verse 3]
la madame konnen bènadin trè byen
yo gen twa zan depi yap pale, pale san kanpe
daprè sa mwen li, madanm konn sou do
juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo
eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
chaje ak kesyon ki bezwen repons
eksplikasyon, se sa mwen ap ret tann o
mwen pap akuze, men kè m’ pa poze
la madame konnen bènadin trè byen
yo gen twa zan depi yap pale, pale san kanpe
daprè sa mwen li, madanm konn sou do
juskaprezan mwen pap akuze yo de madodo
[solo]
ayayay! li konfese
ayayay! li konfese peche a
ayayay! li konfese
li ban mwen laverite
bernadine se bernard (yo kite)
li rete bois+vernat (yo kite)
misye genyen viza
l’ konn vin vizite bo isit
yo gen lontan y’ansanm (yo kite)
men yo sot fenk kite (yo kite)
li di se deja fini entre li menm ak misye
hmmm!
Random Lyrics
- сюзанна (siuzanna) - как богам (like the gods) lyrics
- sid shyne - apocalypse lyrics
- nibba productions - server panzer(s) lyrics
- masiwei - great wall lyrics
- bear1boss - time i'm on lyrics
- ángela aguilar - always on my mind (banda sonora de la serie amsterdam) lyrics
- benny blasé - again lyrics
- yung euphoria - welcome to the north lyrics
- pistolposse - alaska lyrics
- izzy-s - semelles rouges lyrics