azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

baky – bay bondye yon beat lyrics

Loading...

met limyè sou mwen

m vle pou rap kreyòl resevwam janm ye a, pa bezwen mete filter sou mwen

leternel vide siksè sou mwen

kòm lèzòm paka blokem, so yo lage nan fè rimè sou mwen

manti al rapid, verite konn pran tan

map toujou responsab sam di, men fwa sa m’anvi fè’w konprann

defwaw ka chanje rad, men yon rad pa dwe chanje’w

sak fè’m fè rap ap rete epi chante ap ret chante (bref)
nap fèl pou lajan, f+ck koutwazi

ant sa’w renmen ak sa’w bezwen, se sa’w bezwen an pou’w chwazi

m ka chwazi fè’n ri menm pa yon blag

tan pou’m al esklav nou anwo, twòp ògèy, m ta prefere al viv kon wa anba

map kouri fon lòt si’m wè sa pa mache

m son nèg kap chache pèfeksyon pandan pèfeksyon pap chache’m

yo mete kwa pou rapè, m pran kwa’m mete’l sou do’m

so’m pap dakò chita atè si’m wè bouda lòt yo sou trone

yap met pyèj, e menm yo menm tonbe nan twou an

kolonel dil pa gou nan djol, moblije chanje gou an

e pou nou’k tap tann retou an (rapè)

imajine yon baky 10 fwa pi fò ke janl te fò lè’l te pi fò ke nou an

premye rapè ki jwenn manda nan tiye beat
moblije raplen kiyes mwen ye kek nan nou bliye vit

tandiske nèg yo fè plan pou livre’m

yo pap rive

gen nèg ki ta byen vle reponn men yo pa gen pwa beef vre

m konn replik mwen yo ka twòp

so’m pa fokis sou sa sa yo di

lè’m fè 8 yo pa dakò

lè lòt fè 4 yo aplodi

tout nèg vle mete’m anfas

sak anba dwe ret anba

di yo nèg okay pa konn lach so yon konba ret yon konba

e’m pap janm kite rap, se li’m pran pou metye
e tant defi pi gwo, se tant mwen map pran plezi pou leve’l

vrai definisyon atis pèp

m pa pè menm jay z sou track, komanw ta kwè baky ta pè blaze one ak krispèk

montre moun siksè’w, lap krache sou efò’w

nou di’m pa fò, rap bese, why se mwen’n rele pou ranfò

twop sijè ke’n paka trete

twop raketè

frèm non’w hmi de chawa pete

si gon wa son wawa wewe

men pouki se mwen’n rele pou ranfò

respect

atis pèp

krispèk

ranfò

si pi gwo hit se kk kenbe

m paka

gon lot sijè

frèm non’w hmi de chawa pete

si gon wa son wawa wewe

si’w pa dakò, m fè plas au debat

m wè tout fo pwofèt vle pran plas omega

e nèg zokoko yo te fou, si nonw konfli, yo pr+n’w zonbi met anfas koudeta

roody yon jou fò’m ta call ou

koz m suspek siksè fè tet ou vin two gwo pou epaul ou

m vle vin palavè’w just pou’w pa pedi wout

gran frè, wè moun anvan kob sinon kob ap fè’w pèdi moun

dayè rap kreyol pa gen twop

sak pa genyen pa sòt

comme a dit youss, nou pa rich, nou just kèk malere ak kob

maprann kreye plas pou’m pa bezwen plas lòt

e’m kwè si’w egziste toujou, se paske game sa still bezwon maskòt (miaww)

donk pou’n te wè’m fò, fom tal antre nan beef

si’m tap swiv nou, m tap tonbe nan vid

se pou sa nan mond mwen poukòm, m pap chache konpetisyon, sinon’m tap just bay bondye yon beat



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...