azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte & ken-fs – relè lyrics

Loading...

relè

[verse 1]
pitit mikwo a, se melodi sa k bèse m
tankou nou tout m te fan, m pa t gen swaf pèse
rap kòm enfliyans
k+n+l pou fè pase vwa n, m konprann sa
lè masters t ap mande on ti chans
viv hip hop, lè anpil te di se jis yon mòd
nan kas pi gran yo m konn ors ak million corde
m gen pou m mèt de seremoni
li te klè, devan glas la, m te plis mic ke money
se te pasyon m, m pa gen lòt vi apre sa
m pa grandi ak party and bullsh+t men ak fonta fiesta
krazy like dead m pran plezi nan pwezi rap rèd
pran mikwo a boule sa, te dezi chak nèg
tout sa nan pakou a
rape vi nèg, mystik 703 montre m gen granmoun nan lakou a
m te gen rap kòm gid, lè m pa t ka ouvè liv
ou te dwе koute me+stair pou konn jan m vle viv
yеah fòk m di ou, avan m fè rap, rap fè m
crazy bc depi ban m afè m
rock fam montre m beef ka pote
gen on milyon fason pou apwoche rap e se la tout bote l
on panse pou k+tafal, dade, dejavoo
pa pale m de flow, bon an mouri deja tou
yeah m renmen rap konsa
avan mond yo a trajik te gentan louvri je m sou mond sa
mwen m akwo depi lè m goute l
rap se tout vi m, lè m pa p fè l, m pèdi nan koute l
sa yo plis jwe nan kas mwen ke festival
règ nimewo 1, idòl yo pa dwe janm tounen rival
rest in peace jimmy, izi
nou alonje now, m swete n jwenn bonè n nan vwa tchak izili
on panse pou spanish, iyoudi, sistah k!lla
m malad kite m geri m ak doc ke m
[refren]
avan m fè rap, rap fè m
pran nan men sa l te la avan, kite pou sa k ap vin aprè m
nou jwenn suiv nou, booknanm
goumen pa sa ou kwè
n kite rhod, reskape, kgy, plus fier que jamais

[verse 2]
m pa pantan sou mizik m te e m still fanatik
gen son k mache nan san m gen pou lòt m te maladif
sak te make m yo e m tande yo kounya k ban m nostalji
gen sa m pran san m tou tande elas sou mwen ki pa aji
men tout moun fè sa yo kapab m te renmen tandans lan
m te wè m tou piti la pou antre m pat pran chans lan
tande tout rap, men tout rap pa fè efè sou mwen
gen sa m anbwase k ale k kite regrè pou mwen
gen pou sa m bat bravo selman e pou odas yo
sa lè pou reprezante pou rap ki pap rate on okaz yo
men magik cl!ck mystik e te gwoup rap prefere m
m te tou vin adikte pou fè plas m t ap debleye m
rockfam a barikad
mèsi lari a si lakay ou te gen rock lakay pa m e te barikad
papa w pastè banm playlist ou non nan kay la
si m pa sòti m p ap tande rap sa e pa t janm chay la
konn rgm aprè map rap ki pot twoke a
baz a mò bay leson daprè w kiyès n ap bay twofe a
kanpe nan lari sèlman pou tande on live show
ou p ap konprann si rap frape w pandan w nan laj yo
ak hot party epidemi anvayi m
pòtpe gen nèg sikilasyon bloke lè yo pran lari
epòk tchakidenn, ja x m pa detounen w
vize byen lwen on siksè ki t anba 2 tounen w
sou tèt nou chak gon kouwòn nou merite respè mesye
e nou k fè sa k pi di a nou se ekspè mesye
soldat, 2 trace, don maso super james
lavi nèg anba ouais mec se ak regrè mesye
m ekri verse sa pran l pou on gwo big up
nou toujou voye je sou rap la pou fè l ret straight up
reste pou jhonny style
ki still ap fight
ki kenbe nivo a e tout sa m pa site yo man word up
[refren]
avan m fè rap, rap fè m
pran nan men sa l te la avan, kite pou sa k ap vin aprè m
nou jwenn suiv nou, booknanm
goumen pa sa ou kwè
n kite rhod, reskape, kgy, plus fier que jamais



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...