azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – konsidere m beni lyrics

Loading...

[kouplè 1]
se te jis on rèv kou chris wallace
pran mikwo a epi rakonte listwa on nèg ki an kriz chak swa
lord te di m def wè pi lwen ke pwent nen w
lè nèg tankou w soti se pou byen geto a gad kot sa ka mennen w
la s on sèk visye, si m te vann valè m yo m tap byen lwen
kouman pou m di w, plis m ap mwen menm, mwens yo ap renmen m
se vre gen chimen ki fèt, m fyè de pakou m
men kite di w, m te vin fè rap o final se rap ki fè m
m pa chanje, mande wellborn depi mizè pa dous la
m se nèg lè l ap bwè dlo kap panse ak sous la
m beni, se te on reyinyon fanmi pandan konsè an
m se ti frè w ou gran frè depan de sa kap bay konsèy lan

[refren]
e si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni
si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi
ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede m geri
si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m
ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz
si genyen ki renmen rhod avan yo renmen d+fi
di yo talan pa sifi konsidere m beni
se gras a nou m ekziste, konsidere m beni

[kouplè 2]
kwè nan tèt ou se byen, men gen moun ki kwè nan ou miyò
se pa destinasyon an men chimen nou pakouri yo
m te pèdi m e m sonje kiyès ki te ede twouve m
m pa mòd nèg k ap di ou m renmen w, m prefere pwouve l
m vle w renmen m pou sa mwen ye, pou sa m ret onèt
m rann ou l back, m pa kwè se lachte si gen byen ou fè m rekonèt
mizik mwen p ap gen sans si m pèdi pasyon
m te vle goute siksè, m pa t rann mwen kont si m tap jwe ak pwazon
m te wè chenn lè nèg yo te wè blengbleng
e si m ba foul la do, se pou m pi byen jere band mwen
m redi l, m pa gen sousi best, game nan m ret byen lwen l
kouman pou m di w m plis bezwen rap pase rap bezwen m

[refren]
e si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni
si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi
ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede geri
si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m
ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz
si genyen ki renmen rhod avan yo renmen d+fi
di yo talan pa sifi konsidere m beni
se gras a nou m ekziste, konsidere m beni

[kouplè 3]
m te kenbe rèd zile
men m dwe al lwen pou m konprann pre
la pa bezwen m, l ap miyò si m ekzile m
m te fè sa m kapab
men antre nan on gè fratènèl
o gran jamè m pa kwè se pou sa m tap batay
se pa konsa m te wè rap, kot valè hip hop yo
kot lanmou, kot inite, kot verite kot respè a
apa kèk beat filip anyen la ankò pa atire m
frè k ban m akolad maten aswè se li k pral tire m
mwen m ret pou m peye dèt mwen epi ale ak kè m lejè
pou sa ki te banm valè, lè kèk lòt te gade m kòm rejè
prèv pou finanse albòm sa, se piblik mwen k kolekte
lè m absan, jwe mizik mwen, ou ap santi n konekte

[refren]
e si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni
si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi
ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede geri
si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m
ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz
si genyen ki renmen rhod avan yo renmen d+fi
di yo talan pa sifi konsidere m beni
se gras a nou m ekziste, konsidere m beni



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...