azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – mizik sove vi m lyrics

Loading...

[kouplè 1]
m grandi an plen street, plen vis
mwen se pa kòd penal la men se castro k ban m prensip
m te on senp sib
pou konn desten on jèn li fasil, jis gad sak sou wout li k pi aksesib:
glòk, dwòg, vòl geto a konn tout
bref ou a konn plis nan kwonik on getoyout
mwen m grandi san modèl
lè m resi konnen pi gran frè m, li nan prizon
lòt la menm fè vi l tounen on bòdèl
enpresyon desten m tou trase, m pèdi inosans mwen la, m vin konprann pou yo pa chase w, ou dwe chase
manman m ban m on plim, di m ekri avan m derape
an reyalite se pou m te ka siviv ke m rape
kouman pou m diw lè chat dòmi nan recho se ak li m nouri m
ou konn konbyen swa m fè lide pou m mouri
men mande filip kijan auto+psy geri m
respekte sa man, mizik sove vi m

[refren]
m p ap koube, m p ap pliye
e si lavi a vay ke vay m k ap chante
nan chak nòt yo m twouve
chimen nanm mwen
sa k fè malgre m vle bay legen
m gen rezon m pou m kenbe
mizik sove vi m
[kouplè 2]
viv an gè, chak moun chwazi fizi yo
mouri an pè rip bonflo, izi, jimmy+o
piti m te vle kou pi gran yo (move lide)
men m grandi la kounya, tou pa m pou m on modèl pou piti yo
sa m dwe kite kòm eritaj
kou kendy m se on reskape kidonk m ap rakonte n listwa pou n ekri pa n
se toujou youn pou gide tifrè yo
sak pèdi ray la, se toujou pou defann sa ki fèb yo
pou tisè yo
kouraj yo egal ak bote yo
on rekonfò pou depresif yo, on refij pou sak dwoge yo
toujou pou reprezante geto a
fas on bann politisyen ki konn ekzistans sèl nan peryòd elektoral
m pa vin bay leson, mpa vin fè tèt mwen pase pou pwof
toujou nan diyite e si sa mache make money kou puff
m p ap ekri pou detwi
paske m ret kwè ke mizik sa ka sove vi

[refren]
m p ap koube, m p ap pliye
e si lavi a vay ke vay m k ap chante
nan chak nòt yo m twouve
chimen nanm mwen
sa k fè malgre m vle bay legen
m gen rezon m pou m kenbe
mizik sove vi m

[kouplè 3]
m rap pou enspire tifrè yo, pa pou glwa
e lè m pran plim mwen avan m krache, m panse ak abouda
m dwe trase on chimen
mikwo m nan zam, swa m defann frèm ak li swa m asasinen l
m fè chwa m defann castro jiskobou
e pe enpòt si sa koute m vi m
rele sa kwonik on getoyout
pou m evade m, m pa t bezwen ni dwòg ni tafya
sèlman kèk nòt filip a la prod epi vwa tafa

[refren]
m p ap koube, m p ap pliye
e si lavi a vay ke vay m k ap chante
nan chak nòt yo m twouve
chimen nanm mwen
sa k fè malgre m vle bay legen
m gen rezon m pou m kenbe
mizik sove vi m



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...