azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – parano lyrics

Loading...

[kouplè 1]
vi a rann mwen parano pa kondane m sou jan m wè l
pi bonè se granmaten, m leve bonè m kwaze ak chanpwèl
on jou ou lòt, plato balans lan ap panche
donk m pa asire w ke m ap pase tout vi m ap ”punche”
deja vi sa fatige m
twòp dilèm, twòp moun pou m desevwa
vin sta pa si fasine m
sitou lè m wè sa nèg fè, kijan yo pèdi valè
sa k te wa lakay yo pou hit ka zòt tounen valè
m vin wè menm sa m te pran pou lidè a s on follower
konprann desepsyon m, sèl bag+y nan rap mpa twò fyè
m pa twò kwè nan lòm, reyaksyon yo pap etone m
si m reyisi se pou yo tout, men si m echwe youn pap epole m
kite m dekone
avan rèv mwen kwaze ak reyalite a
ak rès mond lan kite m dekole
lòm rann mwen egoyis, m renmen tèt mwen ke pwochen m
kwè nan yo se gwo risk, menm konfyans m pa fè pwòp chen m

[refren]
m parano, e si tout pwojè m “tomber à l’eau”
lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di alo
m parano, m parano, m parano(bis)

[kouplè 2]
sou ki m ka konte?
m grandi nan panye krab, m wè nèg ap rale m desann chak fwa m vle monte
gen sa m vle montre limyè men l pito gad dwèt mwen
jida a chita sou tab lan ap prepare l pou al trèt mwen
ki wout pou m pran pou m al ka god si tout ap mennen m wòm?
yo te di m si m vle al vit, fò m fè wout la pou kòm
men m te vle al lwen, donk m kite y akonpanye m
rezilta? se kòm si m tap bwote dlo ak on panye
twòp fo frè, mizè rann nèg akrèk
kijan pou m jwi si sistèm map f+ck la pa gen bon k+++
m fini pa konprann se pa on “fin en soi” pou vin selèb
m ap viv nan rèv, m fini pa feel tenèb
li te lè pou m te fè bri, pou mas yo te ka tonbe
m stil ret kwè se pa view sou youtube ki pral konble m
men jwenn pè ak konsyans mwen pou mwen se pi gwo defi
vrè zanmi m se nèg kap show rhod love, kap f+ck d+fi
refren
mparano, e si tout pwojè m “tomber à l’eau”
lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di alo
m parano, m parano, m parano (bis)
[kouplè 3]
m anvi siksè men a kèl pri?
bay castro do?(hum) mande mad+s jan geto a te reyaji lè l t al bèl vil
se pa bèl rim ki pral nouri fanmi m
a kwa bon pou m ap briye si frè m ap mouri famin
mouri pa pil, kouri twò vit, pran nan foli lavi avid jouk li rive pouri avni l
kouri al di l, m p ap tounen esklav apre m fin pran gou mèt
veye kou trèt kap banm minòt sou fòm goumèt
si ou ap ban m glwa fè l kounya pa tann jou m die man
pou ap di tinèg castro a te gen valè kou diamond
do m laj, si l ka pot kritik, konsa tou li ka pot glwa si m se pen fò m ka jwenn fwomaj
m f+ck omaj “posthume”, menm si m tonbe sou bal pa rafal
menm si se sa k tap fè non m resi site
aprann menm pi bèl mizik la pat ka resisite
ni g bobby, ni dade,ni dejavoo, ni k+tafalk

[refren]
m parano, e si tout pwojè m “tomber à l’eau”
lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di alo
m parano, m parano, m parano



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...