azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

d-fi powèt revòlte – yèswa lyrics

Loading...

[intro]
sa pase si vit
tout sa m ka di se lanmou pa sifi
sa k te fè m kontan yè, jodi a fè lapèn
sa fou jan on nuit ka chanje lanmoun an layèn

[refren]
sèlman sa k rete m se kèk souvni
kèk vye rim pou m fè on powèm
piti piti nanm mwen ap mouri
mouri
on nuit pou m pèdi souri w
tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m
kite m ak plè k pa ka panse
m toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa)

[kouplè 1]
yèswa ou t on zanj, maten an s on demon m pa rekonèt
on nuit sifi pou remet an kesyon tout sa m te pwomèt
rèv nou pèdi nan longè nuit lan
èn ranplase lanmou , nòmal, raple ou lanati pa vle wè vid lan
yèswa n te lwayal, se te nou kont tout mond lan
maten an n fasafas ride or die se te ilizyon an
m ap pran tan pou renmen ankò, kè m mande repo
thug yo konn kriye tou mande ginette renaud
gad nan je m w ap wè jan m mal, cause eyes never lie
di powèt la l manti kou chen lè l di love never die
dezespere, m voye sa tankou boutèy nan lanmè
konprann, nan eksè menm myèl vin anmè
on nuit sifi pou baskile tout on vi tout anvi m
se brize ou tou pou konn jan sa fè mal nan tèt mwen se tout on fim
se fou jan byen rapid moun yo chanje
yèswa nou te fè youn, maten an n se 2 etranje

[refren]
sèlman sa k rete m se kèk souvni
kèk vye rim pou m fè on powèm
piti piti nanm mwen ap mouri
mouri
on nuit pou m pèdi souri w
tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m
kite m ak plè k pa ka panse
m toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa)

[kouplè 2]
pran mal nou an pasyans, espere tan ap pot gerizon
pèdi nan on djèl, kiyès ki gen tò, kiyès ki gen rezon
kote pwojè lavni n yo pase
yèswa n te ekri lanmou n sou sa sab lanmè a, maten an vag yo efase l
yèswa ou te onèt
maten an menm silans devwale manti yo panse m te on sipèewo, an fèt m te on maryonèt
jan ou blese nanm mwen, konsa m ta vle blese w nan kò w
yèswa m pase toupre ashtag #balancetonporc
yèswa m t on prince charmant, maten an m s on sal thug
resipwòk, yèswa ou t on prensès maten an ou s on salòp
m p ap kondane lemond
m p ap pran on b+tch pou jije tout menm m gen dout, souri zanj yo konn kache demon
sa sot nan kè m, si l blese w se paske m brize
merde gen plè k p ap janm sikatrize
men kòman pou fè konfyans ankò lè yo trayi ou
lè menm bouch ki tap di w l renmen ou yèswa a, maten an ap di l rayi w

[refren]
sèlman sa k rete m se kèk souvni
kèk vye rim pou m fè on powèm
piti piti nanm mwen ap mouri
mouri
on nuit pou m pèdi souri w
tou pèdi rezon viv mwen ou ale ak bonè m
kite m ak plè k pa ka panse
m toujou gen enpresyon sa pase yèswa (yèswa)



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...