azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

doc filah – rap prezidans lyrics

Loading...

track name: rap prezidans (lyrics)
artist(s): doc filah feat bic
album: a.s.t.r.e (akrilik sou twal rezon)
producer: dj rey (de santiago cuba)

[intro]
ou pa bezwen gon kaye 36 paj
ni ou pa bezwen gon pil laj
pou konprann istwa dayiti a
doc filah bic ap prezantew rap prezidans

[verse 1]
touye dessalines pou dan ri/ nome henry christophe apre yo bal dan di,/ dal bandi/ enpoze rezon fleri san poze kesyon/ enpoze petion/ koule beton/pou monte 2 blok kip at ka kanpe nenpot jean san pierre devan boyer/ aksepte peye rekonpanse yon metropole paske l te byen pwayen/ bwayen’/ bwaye lakoz nou noye’n nan rivye era (riviere herard) / nou pran nan plizye mera/ akao pat kwe nan sa/ pike yo pat kontan sa, kako yo pat konprann sa/. yo konsyan yo se pit-t gerye nome phillipe guerrier, mort au pouvoir soti la tete haute/ pandan peyi a vire tet anba sa vye di avec les pye wo (pierrot). riche iletre pwogesis, pou soulouque se lwa yo ki konte, sete tout festin sou faustin 1er

[hook…]
yo di istwa dayiti a todye
men se li nou tout etidye
siw presidan jodia wap nan istwa demen
fe saw konnen pouw pa pase pou lafimen
istwa dayiti a mal rakonte
sou ki istoryen pou nou konte
pase toujou kite tras avni pa bay gras

[verse 2]
jefra (geffrard) koule/ , riche ekzile/, sena nome sajet, saj neg/, sede sa place pou salnave/, 3 blok pran nesans/ sou efevesans/, lanmo mont-sse te enkandesans/ te plen konsekans/ grav, sajet nan no, domingue nan sud, te gen c-n-l pou san koule/. lysius salomon peye lendepandans avan yon gouvenman legitime/ antouraj pale toujou chaje ipokrit/ yo nome hyppolite/ te gen lape se vre ki pat anpeche’n konnen de si gran pan/ pat gen kontrisksyon sat gen siman sab/ sete menm istwa menm tablo ak tirésias simon sam/ nord alexis, antoine simon, cincinnatus leconte griye, tancrède auguste, michel oreste, oreste zamor, davilma theodore, vilbrun guillaume sam/, 6 prezidan nan 3 an avan okipasyon yanki tonton sam. / (1915)

[hook…]

[verse 3]
dartiguenave premye tchoul blan, louis brono pote lopital lekol medecine/ eugene roy monte presidan par imterim/ sou stenio vincent dominiken masakre travaye ayisyen anviron 15 mil/ elie lescot pran kou deta, estime demisyone sou presyon lame/ apre maglwa (magloire) 3 chef deta, nemours tire selman 5 mwa 40 jou nan men ane (fignole) / papa doc baby doc dicta, pe fis pran fin le 7 fevriye 1986, manigat pat jwen gras namphy, prospert avril non plis pat jwen gras namphy, ertha pascal trouillot se premye fanm ki presidan/ rezilte anba kou deta lafontant/ fe pasasyon pouvwa demokratik bay aristide, kou deta defacto cedras, nerrette, aristide tounen fe ti pas kout bay preval, a moi a toi une deux cl-ssique nan style toke, boniface bo gason, preval fe eleksyon nan anbyans kip a sweet, michel martelly alians micky/ pase de presidan konpa a prezidan peyi

[outro]
istwa se yon pepetyel rekomansman, kon di pe toma nap sib, a swiv
doc filah bic, tizon dife recordz



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...