azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

fantom bc – poukiw pat konprann mwen lyrics

Loading...

[verse 1]
alo! mwen anvi pale avè w
piga w fèmen ni piga w di m bò w lapè w
mwen konnen byen se non m ki ekri nan kè w
vle fè w konnen pap janm ka gen lòt aprè w
depi w gade m ou eksite mwen konprann très bien
m vle ou kalme w pou m eksplike w sa m te fè k pat byen
pandan ke ou te konsakre tout tan w avè mwen
but mwen, mwen pat konprann mwen t ap mache chèche nan tout kwen
non non , tann piga w rakwoche
se kounya m wè se avè w mwen ta kwoche
wi mwen konprann ke ou ou pa vle m pwoche
non m pa vle w ale paske mwen pa vle kè mwen foche

[refrain by rutsh+lle]
m te ba w vi m m te ba w nanm mwen
m te ba w kè m ak tout lanmoun k andan l
pouki w pat konprann mwen? non non non
ou te lavi m pi bè l pwezi
tout sa m ta vle genyen kò m richès mwen
pouki w pat konprann mwen
pouki w pat konprann mwen

[verse 2]
mwen fè ou mal ase pou w ta deteste m
dlo nan je ou pap ase pou l ta lave peche m
avan mwen kite li twò ta se sa k fè m depeche m
paske m pa vle nan kè ou gen yon lòt nèg ki pou ranplase m
se lè w pa la mwen vin wè sa w ye pou mwen
an verite bebe m pèdi on pati yon mwatye nan mwen
si g on koupab nan relasyon an l pa lòt ke mwen
mwen vle w men m ap konpran si w deside pa padone mwen
alo di yon mo pou soulaje m
pa kriye tanpri di m w ap vin chèche m
aprè pa gen lòt ki konn jan pou li gade m
pa ale paske ou gentan gate m
[refrain]

[verse 3]
vi m san ou se kòmsi l pat gen nwit ni jou
wi san ou se tankou s on manje san gou
pèdi ou nan lanmè m s on bato k gen twou
lwen de ou mwen son kochon ki pè labou
m espere ou tande m e ou konprann mwen
mwen vle pou ou chanje m pou w aprann mwen
e kounya m vle bawou sa w t atann de mwen
m garanti w si w kite m mwen ap pann tèt mwen

[verse by rutsh+lle]
ou blese m
pase ak fi devan je m
maltrete m
fè moun pale nan koze m
ou imilye m
tiye tout jè m lanmou k andan kè m
k andan ke m
m pap kache w tande vwa ou toumante m
boulvèse m fè m pa gen dòmi nan je m
pou m padone w ouuuu g anpil rezon k anpeche m

[refrain]



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...