kado – power of love lyrics
mwen pral di w yon sekrè ki nan kè mwen lontan
m konen sa ap etone w mèt kwè m se verite
bondye nan syèl konen kijan ke mwen renmen w
se pi gwo mal mwen ta fè si mwen pa ta di ou sa
lanmou g on jan l manifeste
ou mèt fè sa ou vle
se kè k ap deside
pouki pou m kwè w renmen m
mwen se pit-t sòyèt
wabite nan on chato, mwen rete nan ghetto
nou pa menm ran sosyal nou pa sanble
wa di kijan sosyete a pral gade nou
si m ta chwazi yon moun ke m pa renmen
pou m fè lasosyete plezi
sa tap rann lavi m mizerab
e si tout fwa paran m ta entèdi m
pou anpeche lanmou m grandi
se pi gwo mal yo ta fè nou
lanmou pa gen wo ni l pa gen ba
mande ti blan la di w
lanmou pa konn afè ran sosyal
ti doktè vin eksplike l
lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa
lanmou pa gen koulè
lanmou pa nan prejije
lanmou pa gen wo ni l pa gen ba
mande ednol la di w
lanmou pa konn afè ran sosyal
marcelin lalane vin eksplike l
lanmou pa konn blan ni l pa konn nwa
lanmou pa gen koulè
lanmou pa nan prejije
ti lunèt
m konnen yo pral pale
yo pral pèsekite m
m konnen sa pa fasil
se nou k pou deside
pou mwen sa enposib
pa gen okin garanti
se mwen ki pral kriye
lanmou sa pap dire
Random Lyrics
- the wombats – turn lyrics
- kamikazee – agimat lyrics
- jacksfilms – i fixed youtube rewind lyrics
- curricé – us lyrics
- iva dewi – cinta sendiri lyrics
- juan mango – t02 lyrics
- kxng crooked – adderall addicts lyrics
- destiny briona – love lyrics
- thomas rhett – gateway love lyrics
- josh mac – whenicalledyou lyrics