azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

kanis – anlè lyrics

Loading...

tèt anlè
ret anlè
toujou anlè
pit-t bondye pa janm ret atè
ekstraterès m pa moun
sèl monn selès ki konprann mwen
m pa manbo m se yon manman tanbou
sa fè dèfwa yo konfonn mwen
m alèz
tout chache m chache m pa jwenn tchalenj
sak te vle fè maji sou mwen yo tout tonbe nan falèz
tande twonpèt la
wo, m ap vini
m jwenn limyè tankou kris
m retire nanm nan blakawout
retire vis, pote jistis
bay levanjil nan tout kafou
tèt anlè
ret anlè
toujou anlè
pit-t bondye pa janm ret atè
(2x)
voye je w anlè pou gade m
pa gen plas pou mwen isi ba
pa gen wayom pou wa sa
w pa gen pwa rale kò w la ti sina
anlè li ye
lè map pase
paka touche m ak fistibal
nou fè ginen danse lè w tande bidimbimbidimbimdibaw (anlè li ye)
pa chache m nan mitan yon m s’on w espri ginen
rele sa w pa wè san trase vèvè w ap resi kimen
w ap resi di mwen sa k fè syèl ak tè pa ka fè lapè
m ap fè lago ak etwal pandan ti egri ap fè bèk atè (anlè li ye, ayibobo)
n ap chache m nan syèl na wè m
m se pit-t limyè e solèy f’on sèl avè m

albòm nan nèk lage nantre tout sa k te hit
baky, niska n tèlman vole wo djòs rele n satelit
tèt anlè
ret anlè
toujou anlè
pit-t bondye pa janm ret atè
(2x)
nasa pako konprann èt tankou m ki sot nan lespas
lasyans ap chache konnen kote m pase m pa janm kite tras
pa gen anyen ki ka deplasem, tout sam kreye monte depase m
m se yon mèvèy pou ou, piti bondye se li k reklame m…yeah
kisa m aprann sou latè? tout sa k kiss ou ka kaka w
menm sak viv ou pral avè w, lè w sou pouvwa w y ap la nan dada w
se pa monte nou wè m ap monte
desann n ap plede desann
se mistè a, fò w gen sajès pou w rive konprann…anh
manman mari di yo m gen kontwòl tout lame a
pandan y ap rablabla di yo m pral fè hit tout ane a
m anlè zanj mwen yo kanpe an militè
enèji m pouse reyon, m anvayi nan tout linivè…anh

tèt anlè
ret anlè
toujou anlè
pit-t bondye pa janm ret atè
(2x)
manman mari
tèt anlè
ret anlè
toujou anlè
pit-t bondye pa janm ret atè
(2x)
manman mari di yo m gen kontwòl tout lame a
tèt anlè
di yo m pral fè hit tout ane a
ret anlè
m anlè, zanj mwen yo kanpe an militè
toujou anlè
pit-t bondye pa janm ret atè



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...