azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

kanis – vèvè lokal lyrics

Loading...

[paroles de “vèvè lokal” ft. lòlò boukman eksperyans]

[couplet 1 : kanis]
yo mwen reprezante ayiti
pye palmis, libète pou pèp nwa
m se gran midi pou soulèy
m se je lalin pou fè nwa
m se sekrè ki kache nan lwa yo
fòs ki kache nan bwa yo
pòt pawòl tout espri ginen
chak lè m pale, nap ka tande vwa yo
m se pitit afrika, e tè a son tè beni
m se fèy tretman gwo midi
m asire tè a son tè geri
mwen pote kat pou sen jòj
limyè pou zeklè
kwa pou sen pòl
antèn pou sen klè
flè pou sen jozèf
èd pou filomèn
pè pou sen jak
pòt pou sen pyè
se vwa pèp sak bliye rout li
rele m lidè a
m ap plede wete baboukèt nan dyòl
ti pèp sa nou te vlе bride a
[pré+refrain : lòlò boukman eksperyans]
se vodou a ki montre n sa n yе
se ginen an ki montre n sa n ye
se lanmou ki fè n wè sa n ye
se rapsin no no

[refrain : lòlò boukman eksperyans & kanis]
ayibobo!
sa son bon vèvè lokal
ayibobo!
sa son bon vèvè lokal
ayibobo!
gadon bon vèvè lokal
ayibobo!
sa son bon vèvè

[couplet 2 : kanis]
lè w tande raga, vodou raga
tankou map rap, map pat kata
souke tchatcha, zakata kata tata telema
lakay pa m papa kole baka an
m bezwen tande vwa m
tande kè w si wè m pata prè w
madi gra zafè w, gen granmoun nan kay la
m paka pè w
tout balènn fon ti limen
nou fè bouch dandi kimen
met tanbou rasin pou lokal
m fè bokal rap santi ginen
mwen bay defi lè m wè anvi pran yo
se sèl fanm nan mitan yo
se swazo kap fredone rap
ak melodi lèm vle domi pran yo
baw kontè pou pa mande m priz
ou ka tande m pliz
bow sekre ki gen nan vodou
lèm rele lwa pou pa tonbe kriz
e rap mwen bese zam ki brake
ouvè pòt ki takle
pipo beat ap trase vèvè
wap bezwen rap niska pou plake
[pré+refrain : lòlò boukman eksperyans]
men se vodou a ki montre sa n ye
se ginen an ki pou montre sa n ye
se lanmou ki fè n wè sa n ye
saw ye
men sa w ye menm

[refrain : lòlò boukman eksperyans & kanis]
ayibobo!
sa son bon vèvè lokal
ayibobo!
sa son bon vèvè lokal
ayibobo!
gadon bon vèvè lokal
ayibobo!
sa son bon vèvè

[couplet 3 : lòlò boukman eksperyans & kanis]
m se mistè (se mistè)
m se lespri (se lespri)
men enèji (enèji)
m se kongo (kongo)
m se sentif (ah)
mwen tayino
mezanmi
mwen paka bliye tèt mwen no
mwen paka bliye tèt mwen
mwen paka bliye tèt mwen
eske w tande (eske w tande)
eske tande
ou tande



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...