azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

malada – faktorim lyrics

Loading...

faktorim lyrics
m ap travay pou mwen briye men m toujou g on pati sonm
n+gga m pa sispann fight pou patizan m
ak tout pati m pran
batman kè m ankre nan chak lirik m ap spit nòmal pou l fè w tranble kòmsi w te soufri pakinson
chak mo s on kout penso
si w nan w kochma li k pou pense w
bay flo ki pou plen so w
lirik ki pou pèse w
vi m ant mato ak anklim, rap ban m dènye kout pens yo
nou pap tonbe menm jan menm lè w ta wè n bite pou menm so
ok fason pasyon m m vle push
ak sans sa k sanble m louch
zèv malad art yo toujou genyen retouch
ok ! vrè rèv ou yo pap mande w pran kabann
se lè plan w yo tonbe nan dlo w kòmanse pran galon
gen goat ki mouri anonim, tout vi l t on akwoni m
atelye emcee a nou rele l faktorim
ak plim mwen m poze bonm, m ap gad sonbre mi yo
jou m tonbe konsidere m genyen, vi m s on domino

etanke pan mchaje zyeu nan mw
map flippin in and out nan multiple vers mchaje dieux nan mw
nan epòk krèy mchwazi met kran poum kreye
kraze kek kolabo krab keyi kle tan poum’ jere
nan yon fason mfè vim’ ak planm’
de echèk mpa janm pè di m’ aprann
se sak fè mpa janm pèdi m’aprann
plis lavi plis maji plis nap jwil’ plis nap viv ansanm
plis nap di plis m’aji plis map vin knprn
ke lap tan se lè li lè lè plizyè pèp ki kwè vrè tizè fè vit fè, kè lizyè vrè limyè fèn vin wè…klè
nan do chak aigu gen yon obtus
nan do chak jesus gen yon doctrine
nan souvni chak mawozo yo gen yon fo kwis
nan lansman chak revolisyon n+gga gen yon gwo kriz
mse god body nan yon sans
mbanni non sens
mpa nui non son
poum spit knowledge all the way
m pi plis ke plis
mistik ke mizik
vire je w isit
viv tankou moun
se bourike isit
flach k ap klere n yo flou
pwojektè k te la yo etenn
etenn n ap etenn tout vi
konmsi n nan on jenosid isit
frè m s on gwo souf
nan on bouke
yon gwo chout nan on ti pye
yon gwo kou k fè w vide
m ap jere on faktorim nan lemonn fè koupye
tande
eko nou l ye men fizikman n pa travèse

mòfolojikman n emèje
pandan lespri nou imèje
f+ck that
nou poze la kou 50 kòb
ak tout tonton nou
raple w nan kan nou
fas a fas
dozado n jere klan nou
kite nivo gradoub
pou n antre swa san pran vazlin
ka di n s on machin tout jan n kanpe nan rap
fabrik nan nan m nou
bòs tayè pa ka wè chen panse se pa zo l ap rekoud
nan hood je n koud
nou rèd w a di n te pase stoud
sou fèy n ap balade
ide n yo rete kou ikòn
fabrike gwo rim sou gwo rim
kole emcee kou silikòn

nou pa ka fè faktorim
san n pa pale de pwoletarya
antanke ouvriye plim
sa s on sendika kont pil mafya
sa yo bann nan minim
nou dwe leve pou n chofe lari a
m pa pè parèt figi m
m tou mete m prè pou komisarya
tout polis yo an plas
yo pran risk yo anfas nou
yo kanpe pou yon klas
apre pou yo ka jwenn on bras
nèg sa yo tèlman raz
yo bay lòd pou bann gaz
batay la ap pr ron lòt faz
enben nou pral tann yo nan baz
fòse nou travay di
pandan y ap konstwi kapital
epi n ap kontinye viv mal anndan yon fòkin kapital
chak grenn jou n leve s on batay
kont yon vye sistèm kanibal
menm sin pran gaz kontinye
sinon nou byen konnen ke l ap pi mal
m pa bezwen site
tout pri pwodwi yo nèt fin monte
menm premye nesesite
anplis dola a k ap wonfle n
ki fè m gen raj nan sa m ap spit la
li tou ede f on terapi
m t ap toujou chire bit la
menm si l te koud sonapi



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...