azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

règleman afè popilè – jòf lyrics

Loading...

[mozo]

jòf
o kòmansman se te aksyon, pozisyon
street, manifestasyon
vin gen mizik, pasyon
m sonje kèk prestasyon
nou pa ta pral menm kote
men n te fè ila fè stasyon
vizyon, konviksyon
malgre kèk presipitasyon
konstui yon jenerasyon
ki pap mouri san pale
ki pap viv san aji
35 zile kòm pi gran
fè n wè mizik se maji

potko gen fan, te gen aderan
san buzz met moun sou de ran
kanpe tennfas, mete kran
suiv tras kèk veteran

souvni yo tounen chak ane k on tradisyon
raple n sa fè depase tout kontradiksyon
m te pran prensip yo kou dwòg, kounya m ap goumen kont adiksyon
menm lide envensib la, mo yo jis chanje k on tradiksyon
nou t ap karese menm rèv se pa t lajan nou te manyen
jou yo pase men pyès moun pap di n pa kite anyen
obstak pa anyen, echèk pa anyen
bon kou move jou nan yon sèl panyen

[vanessa jeudi]
jenerasyon ogou feray
pap mouri san pale

[mawon ardy]
s.s.t.o.p mennen n sou woup r.a.p
r.a.p pou boukante lide, popilè
kwape gwo lide, fo lidè

kwaze sa k gen menm plim
pa menm lotè, pa lote n, pa menm plimay
jenerasyon ogou feray
kreyasyon rap, batay
kale, rale
pa pale san zile
pa travèse san règleman

nou tanpe l, tape l bang bang
still gwo manman gang gang
rimatizan patante
se tout on mouvman si sa mache
isit se pa pye w ki fè w mache
rap konsyan an tounen mache
rap la egotrip, pwezi a egotrip
m konprann ou
ti trip ap vale gwo trip
yo! m vin touye dout mwen
m vin touye tout mwen
se nou ki pou konte
se sou nou pou n konte
kole zepòl ki konte
se men ki pou kontre
bay lwa yo manje, touye bouk blan
nan bouk lan, manje pa boukante
lavi s on boukan k fèt ak bwa nan bouk lan
depi sou boukman, nan booknanm
boukannen book blan
yòòr! boukannen book blan

[vanessa jeudi]
jenerasyon ogou feray
pap mouri san pale

[mawon ann di]
maryaj plim ak beton popilè katye jwenn fòm ekspresyon
geto opinyon fòm kreyasyon kontèks opresyon
bri bal kreye son pou emosyon pwezi sansasyon
mezi sans aksyon se pote son sezi sans pasyon
anfòm nan fon kou fòm anvan m fon bon kou fòm
wet chapo ba vwa m bay maj+o chak fwa m
nan twou won san fon nan twou fon san fòm nan tout fon m se kòn
met cham yo nan vwa m met chay mo nan bra m mouchwa m yo se vwa n [han]
vensib+en ritaj+etikèt mizik chante kri pèp
chak tit nan vi n rap se linèt kritik
plante pikèt revòlte w lib black se byennèt ki l+iv k
ekri istwa n defòme m vin ba w yon hip+hop atik
ti jèn mank dèl+mo pou bèl mo jwenn imaj nan poubèl yo
kout rèl yo tout rèv yo penn imaj nan nouvèl yo
medya kouvri reyèl yo jere nasyon fè l ay ak mizik
bosalhustler jenerasyon ogou fè raj ak mizik!!!
[vanessa jeudi]
jenerasyon ogou feray
pa prale san lite
pa prale san lite

[35 zile]
m rive trase chimen m
nan swiv trase pase motèp
po tèt mw kase
nan panse pase lespri
panse jeni panse pase motèp
m pase nan pòt kay bitasyon feray
nan panse bit ak son sou bitasyon loray m trouve m nan mitan dife dife nan pay jòf kife nan may kife nan nay nan panse life anfas tabsalon odan nan panse life ogou fè pwen an pou n vanse nan life ret kanpe tòf djougan
san blòf nan mitan boukan
vanse ak dan vanse ak kran
m gen misyon pou m vanse ak divès klan
men jamè wete trip pou pay
trib pou bay trip sou fay loksidan po nwa andidan blan
se fanon kantite ak kalite
se mawon
m kale nan yon vale kote tt moun soude kon mayon bosal absalon di m nan salon
tan twop chèn pa souvan gate revèy
m tonbe nan konte mèvèy nan konte reyèl nan twouve yon kalte rebèl
nan balon van pandan m tap eseye kontenple egzistans mw nan miwa tan
madan lenba pwoche têt anba pou l
di m son mèvèy
tan an rele bondje nan tab egzistansyèl
kap toune lavi n nan yon mond atifisyèl : pou n back anvi nan yon mond reyèl
m anvi plonje m
nan yon chema
kote m ta blije tòk tòk
tan nan yon espas vivan
kote l ta blije afiche l nan yon top
top chrono sakre vivan
absalon tanmen transmèt
mistè l tabli nan chakk
kreyasyon nan mitan rit ak son
kosmik nan yon vini ale
yon saj pwoche pou l di m ou vini
pou w sispann ale



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...