azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

the jann band – optimum lyrics

Loading...

(the jann band)
si m te ka korije tout erè m te fè
m tap retounen a 18an pou m al fè la pè
si m te ka korije, rebwase le pase
m tap retounen al jwenn papa m pou m di m dezole
menm fi lè m fin kouche m te konn bay dan di
lè pou m pase sou manman m te konn ba l manti
jodi a m eseye konprann se pa sa ki la vi
m tou konnen nan lavi m fò m te fon chwa kanmenm
vagabon grenn sal m kite sa yo dèyè
mantalite gangster m kite sa yo atè
kounya fòm jwe may mwen pou m reyisi
fò m kite betize pou m konbat lavi
pa sezi si w wè jedwa ap preche sou beat
eksperyans map pale w m pa vle fè betiz
gen timoun kap leve ki pran m pou modèl
manman m te voye m lekòl pou m pa regrèt demen

(the jann band)
fason m viv lavi m m pa kè de anyen
m pa atache avèk anyen ni m pa gen anyen m renmen
m pa etone m de anyen yon lòt pwochen fè
m pa gen gwo kè pou m bay gwo pye lè w lòt zanmi fè siksè
m gen plizye fason m mache
m gen plizyè fason m pale
m gen plizyè fason m kanpe
gen de lè ou kwaze m wap di sa se jan edwa
gen de lè w kwaze m wap di se nèg lari a
mantalite gangstè m son bag-y ereditè
m pran sa kot papa m m pa gen anyen pou m pè
paske papa m pat pè banm prizon pou bèlmè
si w nèg try mwen an verite ou pral nan lanfè

(the jann band)
m vle pran tan pou reflechi
reflechi de pitit, reflechi de fanmi, reflechi de avni
a 30an m gentan ap mande tèt mwen kote map ye
eske radote sou beat ka fè m rive
gen plizye opsyon nan vi sa
m te ka chwazi pouvwa
m te ka chwazi pou m prezidan
m te ka gen foli gran ran
men m pa sure ke m gen tout odas pou m ta prezidan
oubyen fò m ta chwazi pou m fè kè manman m kontan
m soti nan lari men lari pa soti nan mwen
m gradye nan lari, diplòm nan ki fè map mennen
m konn tout sak legal
m konn tout sak lwayal
m konn tout sak b-n-l e m konn lè m pa legal
sitou map viv nan vil kote tout nèg gen mès epi yap fè vye jès
yap bay tripotay pou rès
nèg ti sistèm pa gen sikwi
kòman m ta konprann pou yo ta banm bon jan



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...