vanessa jeudi – limyè lyrics
limyè lyrics
kwaze solèy chimen trennen
lapli tchoula lespwa pa donnen
n ap konte lè pou n wè malè
douvan mizè nou tout bèbè
chak gout swè k tonbe dlo je n neye n
nou liminen pou limyè a biye n
n ap tatonnen n paka brennen
de pye n mare nou antòtye
limyè a pale
se sèl vwa ou ki ka chant on w melodi pou nou
sèl ou ki ka klere chimen n lò n pèdi wout
lò je n plen dout
lò chay twò lou
lò demen n twoub
lanmè seche vizaj mouye
tounen neye je san koule
pa gen fanfa nanpwen kata
lavi bwete bann chikata
pousyè leve lari vegle
souri n pati gwo van bwote
zòtèy kase wout yo bouche
zetwal nou lwen nou andanje
limyè a pale
se sèl men ou ki ka jwe de nòt lavi pou nou
sèl ou ki ka louvri pòt ki fèmen sou nou
lò je n plen dout
lò chay twò lou
lò demen n twoub
Random Lyrics
- azkov – glaucoma lyrics
- naiara azevedo – sorvetinho lyrics
- sant diazz – nmsy lyrics
- michael kramer & allie feder – hansel & gretel’s lullaby (all is blind) lyrics
- vin deca – i’m just trying to be myself lyrics
- lmt (méxico) – dame lyrics
- x.o. vento – all the smoke freestyle lyrics
- het zesde metaal – wachten lyrics
- kid rađa – džungla lyrics
- palinke – pied de cheval lyrics