vanessa jeudi – pran men w lyrics
bèl tifi k ap grandi
pa dwe pèdi souri l
rèv li foule avan l dòmi
g on men k ap bouske nan jip li
sa kò l paka ofri
sa lespri l paka viv
se pa jodi w ap toupizi l
kounye a m vin di w sa fini
refren
pran men w (2x)
fwa sa m pa vin ak dlo nan je
fwa sa m pa vin ak tèt bese
pran men w
pran men w
nou pote lespwa nan tout kò n
fò n viv lanmou an sou tout fòm
yon kòmè k ap fleri
pa dwe pèdi lavi l
de men ou tounen gwo batwèl
ou fè l tounen yon popetwèl
lobe w ap bat nan do l
gad jan w plonje nan dlo l
se pa jodi w ap toupizi l
kounye a m vin di w sa fini
pon
pa manyen libète m
pa manyen branch cheve m
mwen fèt pou m viv ak diyite
oooo
tande vwa m k ap pale
yon kè blese ka met dife
li ka boule li ka klеre
chak fènwa g on douvanjou
chak sezon pote flè pa l
chak bèt nwa g on movе jou
chak aksyon gen sekrè pa l
Random Lyrics
- lupin (fr) – le parfum de la fin lyrics
- tom thanks – all the time lyrics
- nwf rusya, litaf – юпитер (jupiter) lyrics
- michael james tapscott – maybe i am amazed lyrics
- camille dhont – glitter lyrics
- mintedzerosix – i hate robloxcore lyrics
- freshmen year – steppin’ (ft. cjb) lyrics
- meskerem mees – blue and white lyrics
- wegh – toz duman lyrics
- blue redman – climate change lyrics