azlyrics.biz
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

wendyyy feat. durkheim – lento lyrics

Loading...

li pa gen limit, li pa gen kè li pa ti+tiye
ou pa epanye nenpòt kote w sitye
ni inosan, ni kiyès ki tiye

li pa gen baryè, li pa konn sa kilti ye
ou mèt annafè ak pa bon, w ap konn sitire l
peny ti dan mèt devan w, ou p ap konn si l sire
e ou mèt fwi, ou mèt kouri
lè cupidon debake, ou p ap konn si l tire

se rete w ap rete w ap tonbe plat
ti kè w ap vi n piti, l ap tonbe bat
ou ka menm al achte bag ou mande dat
aprè w ap pran desepsyon pou wa l tonbe bat
li parèt sanzatann lè w panse l pa la
chak moun yon kavalye pou danse bal la
dèfwa pou pa w la vini, fò w pase pa la
li tankou lanmò, fò w pase pa la

ou te mèt te tonbe, ou pral tonbe pi rèd
aah! ou te mèt te kriye, ou pral kriye pi rèd
frè m, ou mèt di w p ap tounen, w ap tounen pi rèd
ou pa gen chwa, frè m, s’on pasaj oblije
w ap tonbe pi rèd

ou mèt kouri, sèmante, fè sa w vle, ou mèt evite
l ap toujou frape san l pa envite
e menm sou konnen w pral soufri
lè l parèt, w ap pran kè w, ou ouvri l san w pa ezite
ou pral tonbe sou youn ki ba w degou
‘on lòt ap pran w nan tristès, li fè w debou
men poutan ou ka kite l pou yon lòt ou renmen plis
ki ‘just’wè w tankou yon moun l ap bay de kou

lanmou, jodi, ka fè w kriye
men, demen, li pral fè w souri
li blese w grav, li brize kè w
men yon lòt moun pral ede w geri
malgre echèk ou yo
pa jwenn moun ki renmen w, o+oh!
menm si lanmou fè w monte lesyèl pa do
s’on fado, ou+ouh!
lanmou s’on lento li ye

oh+oh+oh+ooh
lanmou s’on lento li ye
oh+oh+oh+ooh
lanmou s’on lento li ye
oh+oh+oh+ooh
lanmou s’on lento li ye
oh+oh+oh+ooh, o+ouh, o+ouh!

li toujou koman bèl
kè kontan, souri ‘aux lèvres’
ou santi w vin pi bèl, ou bwodè kou pan
ou bliye tout bag+y, anyen pa egziste
ou konsakre tan w sèlman ak koup lan
apre pral gen soupson
jalouzi pral met pye
apre sa dout pran
e se la w pral reyalize ke w te nayif
li twò ta, se kou w pran

men se pa konsa l te vini
ou pral mande lanmò se pa konsa l dwe fini
pou jan nou te damou, li t ap fè w bèl pwomès
pou jan w te kwè nan li, se konsa l te vini
men se ou k te la pou sa, se pa pou sa l te vini
jan lanmou parèt la, se pa konsa l te fini
pa kouri lage kè w, gade avan lage konfyans ou
nou ka toujou ansanm, se pa pou sa n dwe ini (se pa pou sa n dwe ini)

se lè w nan difikilte, w ap konn moun ki nan men w lan (w ap konn moun ki nan men w lan)
tòg! avan w kite l rann ou avèg, toujou gad moun k ap mennen w lan
si l kite w, li pa t merite w, siye larim ki nan nen w lan
fò w reziye w, koz dèfwa li biza, fòk sa w renmen an ale pou jwenn sa k renmen w lan

se vre lanmou
lè w tonbe, ou pran lòt kou
li fè w mal, mal, mal
mal, mal, mal
fò w konnen w ap g’on jou
w ap jwenn yon moun ki pou (ki pou)
vin met lajwa nan kè ou

lanmou, jodi, ka fè w kriye
men, demen, li pral fè w souri
li blese w grav, li brize kè w
men yon lòt moun pral ede w geri
malgre echèk ou yo
pa jwenn moun ki renmen w, o+oh!
menm si lanmou fè w monte lesyèl pa do
s’on fado, ou+ouh!
lanmou s’on lento li ye

oh+oh+oh+ooh
lanmou s’on lento li ye
oh+oh+oh+ooh
lanmou s’on lento li ye
oh+oh+oh+ooh
lanmou s’on lento li ye
oh+oh+oh+ooh (lanmou, lanmou)



Random Lyrics

HOT LYRICS

Loading...